Remede Fey Tome II 2K20 [PDF]

  • 0 0 0
  • Gefällt Ihnen dieses papier und der download? Sie können Ihre eigene PDF-Datei in wenigen Minuten kostenlos online veröffentlichen! Anmelden
Datei wird geladen, bitte warten...
Zitiervorschau

Tome II (edition 2k20)

: Se yon livrè “Remèd Fèy” ekri pou ou, Aprè anpil rechèch e konesans syantifik nou akimile, Ki ap aprann ou konnen yon seri maladi avèk kèlke trètman natirèl, Ou kapab fè avèk fèy nan bwa pou pran premye swen. Anndan livrè sa nou pote pou ou tou ,tout sik manstriyèl yo byen detaye , De 21 jou jiska 35 jou, kap pèmèt tout fanm kontwole peryòd ovilasyon yo, Kilè pou yo fè sèks pou yo tonbe ansent selon sik manstriyèl yo, Ki aliman yo dwe konsome pou pèmèt yo ansent pi rapid e ki pou ranfòse ovil la, Avèk espèmatozoyid yo lakay gason an pou pèmèt repwodiksyon an fèt. Nou swete’w bòn lekti.

Fèy Gwayav ak grenn Gwayav:

 1-Te fèy Gwayav kapab ede'w trete bwonch ak tous

 2-Si'w gen kolik, ou gen Dyare ou bwè te fèy Gwayav oswa manje kèlke Gwayav ou ju Gwayav lap sere'w rapid.

 3-Bouyi fèy Gwayav lave bouboun ou li pèmèt Bouboun ou retresi, li sere Bouboun ou.

 4- Gason espèm fèb :Te fèy Gwayav ogmante fètilite lakay gason , asire kwasans espèmatozoyid yo .

 5-Si'w gen asid (Ilsè lestomak) sa nou rele lestomak boule'a : Ou kapab pran Kèlke tigwayav fèk kale souse po'a , kwaze yo anba dan'w bwè ji'a asid la ap disparèt menm kote'a.

 6-Si’w gen san kap koule sou ou san rete bouyi 3 fèy zanmann sèch bwè te a avèk yon ti sèl yon sèl fwa.

 7-Si’w soufri gaz : Fè te lay avèk kèk grenn jiwòf bwè’l chak maten avan’w manje , chak mwa fè’l pandan 7 jou , si’w gen dan fè mal ou kapab tranpe dan an avèk te’a tou.

 8-Anemi: achte kawòt, bètrav, abriko blennde yo chak maten bwè 1 vè pandan 7 jou. Ou kapab bwè ti kafe tou pandan’w ap fè remèd la.

 9-Pyè nan ren: bouyi 3 fèy lougarou ak yon ti sèl bwèl chak maten avan’w manje pandan 7 jou.  10-Pyas ak lota: Pran lwil masketi , poud kafe melanje yo pase’l sou pyas la oswa lota’a , lota pa tatou mennaj ou ap fè lanmou avè’w kò’l paka kole avè’w tèlman’l pè’w .

 11-Doulè règ: Ou remake chak fwa’w pral gen règ se you maswife wap monte fè te fèy lachòy ak kamoniy.

 12-Feblès (vètij): Lyann panye, kreson, lanman anmè, Blennde yo ansanm mete sik bwè 3 fwa pandan 7 jou.

 13-Kansè nan tete: manje tout vyann wouj yo, manje tomat kri, epina, pèsi, anpil chou vèt.

 14-Enfeksyon vajinal: bouyi 3 fèy twonpèt nan 1 galon dlo .Lave bouboun ou avè’l 2fwa/jou pandan 7 jou. Pou Gason sispann kite’w pou Alam nan bouboun.

 15-Pye mayas : Sa nou rele pye santi’a, chak swa avan’w dòmi pase zoranj si nan pye’w épi mete chosèt , fanm kite Gason pou pye mayas e gen fanm pye mayas tou.

 16-Movèz alèn sa nou rele Bouch santi’a : manje pèsi kri,bwè te jiwòf chak maten pandan 7 jou , fè’l konsa chak mwa jis ou derasinen alam lan nan bouch ou . Bagay ki di yon fanm oswa you Gason kite’w pou bouch mayas.

 17-Planning natirèl : Lè’w fin akouche ou pa vle fè pitit touswit , wap bwè 1 grenn maskreti si ou vle planning 1 lane , 3 grenn Planning 3 lane, 5 grenn Planning 5 lane pa itilize chif pè tankou 2 , 4…grenn masketi.

 18-Kis nan ovè: Èkòs bwa chèn ak 3 grenn lay vyolèt bouyil , bwè’l wap fè sa pandan 8 jou.

 19-Mòpyon: Raze tout pwèl ou tankou adoken, pase sitwon ak kleren . Ou ka pran fèy tabak vèt, fwote yo byen fwote pase’l ladan ak tout ji’a.

 20-Moun ki gen gonfleman: Pran 3 fèy kachiman bouyi’l bwè’l pandan 3 jou

 Sou Konbyen jou règ yon fanm kapab ansent :   Gen Fanm ki gen sik : 21 jou, 22 jou, 23 jou, 24 jou, 25 jou, 26 jou 27 jou, 28 jou .... Jiska 35 jou konsa tou gen kèk ka patikilye . Chak Fanm sa yo gen yon peryòd pou yo fè bagay pou yo ansent.  Premye jou san vini an, se li ki konte pou premye jou sik la pou jiska dènye jou avan li vini an.

 Pou konnen ki jou nan sik la ou ka ansent, fòk ou konnen konbyen jou sik la dire. Se souvan nan mitan yon sik fi a ovile.  Sik se dat ou kontwole sòti nan premye jou ou gen règ la, rive premye jou ou ap genyen li ankò a.  Si entèval la se 28 jou ki pase, sòti premye jou ou te gen règ la mwa pase, rive premye jou ou genyen l mwa sa a, ou te ovile sou 14 jou . Si ou te fè sèks jou sa a, oubyen 4 jou anvan, oubyen yon jou aprè, gen anpil chans pou ou ansent. 

 Si entèval la se 32 jou, ki pase sòti premye jou ou te gen règ la mwa pase, rive premye jou ou genyen l mwa sa a, ou te ovile sou 18 jou . Si ou te fè sèks jou sa a, oubyen 4 jou anvan oubyen yon jou aprè, gen anpil chans pou ou ansent.  Si entèval la se 24 jou ki pase sòti premye jou ou te gen règ la mwa pase, rive premye jou ou genyen l mwa sa a, ou te ap ovile sou 10 zyèm jou a. Si ou fè sèks jou sa, 4 jou anvan oubyen yon jou aprè, gen anpil chans pou ou ansent.  Gen pou fanm li konn varye yon lè li vini sou 27 oubyen sou 28, yon lè se 29 oubyen 30 jou. Moun sa a gen posibilite pou li ansent depi sou 12 zyèm jou règ la pou rive 19 zyèm jou a. Kòm cycle la varye, o lap difisil pou konnen egzat ki jou ovilasyon an kapab fèt.  Gen lòt fi ki iregilye, pafwa sou 26 lòt mwa li ka vini sou nenpòt 42 jou, fi sa yo difisil pou kalkile moman ovilasyon yo, Paske fi yo ka ovile nenpòt lè. Konsa yo bezwen itilize yon mwayen pou rive detekte ovilasyon an, tankou tès ovilasyon, o kontwole tanperati kò li chak maten elatriye. Wap jwenn tout detay yo nan dènye paj liv la.

 Fèy bazilik

 Li bon pou moun kap touse: Pran kèk fèy pile oswa kraze yo epi pran ji a mete yon ti dlo cho epi bwèl, o ou ka bay timoun ki gen pi piti 2 zan.

 2- Li bon pou moun ki gen pwoblèm lestomak, wap pran kèk fèy epi fè ji bwè’l.

 3- Li bon pou moun ki soufri kè, pou moun kap fimen anpil jis bouyi’l bwè’l.

 4- Li bon pou moun ki gen doulè, tankou doulè règ, fyèv, grip, moun ki pa ka respire byen, bwèl wap santi’w byen.

 5- Li etimile fètilite ògàn ki pèmèt fanm ak gason fè pitit, yon fanm oswa yon gason ki gen pwoblèm fè pitit.

 6- Li ranfòse espèmatozoyid, li ede’w fè prevansyon pou enfètilite.

 7- Se yon antibyotik efikas, ou ka pranl ou bouyi li pou fè te 3 a 4 fwa pa semèn.

 Enfeksyon :

 Se pa sèlman medam yo ki ka fè enfeksyon, mesye yo soufri de enfeksyon tou nan pati entim yo. Aprè enfeksyon vajinal ke anpil fi rankontre nan vi yo, gen enfeksyon irinè. Anpil gason soufri de li tou.

 Sentom ke yon enfeksyon irinè ka ba ou : -Wap pipi tanzantan -Doulè nan pati entim ou lè wap pipi -Anba vant ou ap fèw mal lèwap pipi -Ti kal san parèt nan pipi an pafwa  Trètman natirèl enfeksyon irinè : -Pran 1 gous lay -Pran yon ponyen pèsi -Pran 2 sitwon  Preparasyon : -Kraze lay yo oswa pile yo, rache branch pèsi yo tikras pa tikras, epi koupe sitwon yo, pire yo e brase yo ansanm. Pran demi gode dlo, yon kiyè nan melanj ou sot fè a, mete’l nan demi gode dlo a epi bwèl.  Konsève melanj lan nan frijidè ou frizè si’w fè pou rès rete, si’w pa gen frijidè fè melanj lan mezi pou yon joune.  Aprè 2 ou 3 semèn ou sipoze trete.

o Remèd pou Fanm ki an pèdisyon:  Kilè yon fanm an pèdisyon? Lasyans pa rekonèt fenomèn sa , pwoblèm sa konn rive akoz de dyab rasyal , o Fi a ansent li pa janm kapab akouche , gen timoun ki konn pase 2 a 3 zan nan vant. Doktè pa janm ka wè timoun nan, o malgre tout analiz ak sonografi.Men kèk fwa se fam saj ki konn di fi’a gen yon pitit nan vant li, fi’a konn wè règ li chak mwa, o oswa li konn bay yon pèt san tankou emoraji tanzantan pandan li ansent lan.  Kisa’w ka fè: o Pandan san an sou ou wap bezwen yon moso lalwa ak asowosi , met bouyi ak enpe dlo , o Lè’l fin bouyi kite’l frèt , achte yon boutèy diven blan vide’l nan lalwa ou te bouyi a wap bwè 4 gòje,rès remèd la kitel la . o Wap achte yon bout savon lave san sèvi a midi won , , savonnen vant ou byen savonnen ak rès remèd la .epi fè’l al kouche tann rezilta.

o Eske yon fi ka ansent san’w yo pa ejakile anndan li: o  Se yon ka ki konn Mennen gwo diskisyon nan koup yo e ki konn lakoz anpil gason pa pran responsabilite yo nan di w ke yo pat ejakile anndan, ke yo te ejakile deyò.  Avan gason an ejakile, gen yon likid ke li bay ki rele , likid sa li pa bay li sèlman lè lap fè bagay, o Depi li eksite sa ka rive ke li bay ti likid sa, nan langaj pa nou likid sa nou rele li 'swente' ,van nou rive pi lwen nap di w ke likid sa, o pa gen espèm ladanl e paka ansent yon fi nan kondisyon nòmal.  Ki wòl likid sa? o Likid sa ranpli plizyè fonksyon tankou : - Li pèmèt librifye tèt peni gason an e konsa pèmèt yon penetrasyon pi fasil. - Li pèmèt netwaye kanal gason an pou li retire tras pipi ak lòt bagay ki ka nan kanal sa paske espèm paka viv byen nan kote ki gen asid

 Kounya ann pran yon sitiyasyon kote ke’w ka ansent yon fi san’w pa ejakile anndan l: Sipoze 2 moun ki renmen ansanm ki deside ke gason an ap voye deyò oubyen tou ti medam ki vyèj yo ki konn pran plezi ap fè penso, o san penetrasyon jis pou kenbe vijinite yo swa akoz kwayans legliz oubyen lòt rezon. Sa ka rive nan premye ke a gason an ejakile deyò sou kwis ou oubyen nenpòt kote nou deside ejakile a, o answit nou rebalanse pou yon lòt ke ankò, nan dezyèm ke sa ap gen menm sekresyon pre ejakilatwa a sak rele swente a, o men lè likid sa ap pase lap netwaye kanal la e kanmèm ap gen rès espèm nan kanal la ki te rete aprè premye ejakilasyon an , o kidonk likid sa ap tou sòti ak rès espèm sa depoze anndan fi a anvan menm ou al ejakile deyò ankò ki konn lakoz fi a ansent , o si li nan moman ovilasyon ,si tout fwa fi sa ta di’w li ansent wap kanpe kareman ou di li chèche papa pitit li a, o paske nan tèt pa’w se deyò sèlman ou te ejakile! Anpil fwa nou fè medam yo tò nan repons ke nou ba yo lè yo di nou ke yo ansent.

Remèd natirèl pou Diarrhée & Dysenterie :

Engredyan : -Poud Kanèl -½ tas lèt

Preparasyon : Mete lèt la chofe jiskake'l tyèd , aprè sa ajoute yon ti pwent kouto poud kanèl ladan .

Pozoloji : Bwèl 2 fwa pandan jounen an , 1h de temps aprè premye a .

Remèd natirèl pou moun ki paka dòmi & Moun ki gen pwoblèm dijesyon :

Pou dijesyon: Wap pran 3 Fèy kowosòl ou bouyi'l épi wap pran 1 verre aprè chak repa.

Pou somèy: Wap pran 3 a 6 fèy kowosòl wap bouyi'l pandan 7 a 8 minit aprè Mete yon ti sik ou bwèl avan'w dòmi.

 Sentom Ovilasyon e ki peryòd ou ka ansent:

 Lè wap Ovile gen yon pakèt siy ke w ka remake : 1-Tanperati kò ou ap fè yon ti monte pandan peryòd ovilasyon an, ou ka santi w yon ti kras cho 2-Tete w ap lou e yap pwenti e pafwa yo ka fè w mal 3-Wap sou fè sèks, wap yon ti kras sansib 4- Wap bay yon glè nan kilòt ou kap transparan,lap lap tou blan epi li glise. 5-Ou ka santi yon ti doulè sou fòm kranp Gen lòt siy toujou men sa yo pi fasil pou jwenn men fòk nou di’w tou se pa tout fi ki remake lè yap ovile

 Remèd natirèl pou moun ki gen Hypertension (Tansyon Wo):

Engredyan : - 2 ou 3 bètrav - 2 kawòt -Pwav -Dlo

Preparasyon : Kale bètrav la avèk kawòt yo, rache yo Mete nan yon blenndè , ajoute 150 mililit dlo , blennde'l pandan kèlke minit. Aprè ajoute yon ti dlo Pou rann li plis likid, ajoute yon ti sèl ak yon ti pwav . Mete ji'a nan frijidè pandan 10 a 15 minit. Pozoloji : Bwè 1 vè ji chak maten ( 1fwa/jou).

Resèt natire Pou moun ki fè "Bwonch":

Engredyan: -Thym -200 mililit dlo -Miel -Sitwon

Preparasyon: Mete dlo a bouyi , ajoute Thym an, kite'l bouyi pandan 10 a 13 minit , ajoute siwo myèl la , e ajoute kèlke gout sitwon.

Pozoloji: Bwè Tizann nan plizyè fwa pandan jounen an.



 Ki peryòd ou ka ansent egzakteman? Si wap swiv plizyè atik wap wè yo mete 3 jou anvan ak 3 jou apre dat ovilasyon an ke w ka ansent, poukisa? Se pa sèl jou Ovilasyon an ou ka ansent , pran san’w swiv eksplikasyon sa, imaj anlè a valab sèlman pou sik 28 jou :

 Poukisa 3 jou anvan : Epèmatozoyid gason an ka viv 3 jou anndan fi a se poutèt sa yo mete 3 jou anvan paske si yo ejakile anndan w, o 3 jou anvan ovilasyon ou espèmatozoyid la ap rete jiskaske l jwenn dat la sou 3 jou.

 Poukisa 3 jou aprè : Se paske ovil la ka fè 3 jou fyab anndan fi an, kidonk li ka rete tann 3jou ap veye yon espematozoyid, o se poutèt sa si’w fè sèks nan demen ovilasyon oubyen nan 3 jou ki swiv li a ou gen chans espematozoyid la ka kwaze ak Ovil la ki fyab toujou kidonk, 3 jou anvan 3 jou apre an se pou kantite jou espematozoyid la ka fè anndan fi an ap tann ovil la, o e kantite jou tou ovil la ka fe ap tann espematozoyid la! Fòk nou di w tou sa ka rive li plis fè ke 3 jou daprè kèk seksològ li ka rive 4 a 5 jou. An rezime si w bezwen ansent se 3 jou anvan ovilasyon an ak 3 jou apre yo dwe ejakile anndan w . Nou kenbe 3 jou a paske l pi espesifik E siw pa vle ansent tou se jou sa yo pou evite yo ejakile anndan w.

 Trètman pou moun ki fè Sinizit :  Wap pran yon tèt chou - Wap kraze ou pile chou a - Wap pran dlo ke li bay la mete nan yon veso, epi pran yon ti koton - Wap lage 3 gout nan nen goch, 3 gout nan nen dwat la  Wap fè sa pandan yon mwa .

Remède Natirèl pou fanm ki gen pwoblèm ovilasyon :

Pou fanm ki gen difikilte pou "Ovile" : bouyi fèy Bazilik ou bwè sou 10e jou règ ou rive sou 15e jou a , lap ede'w estimile Ovilasyon'w e fè'w tonbe ansent rapid . Bouyi li bwèl avèk Yon ti priz sèl chak maten avan'w manje !

Trètman pou mak pitit:

 Engredyan: 1- Yon zonyon wouj oubyen blan 2- Yon ti vazlin 3- Yon ti pat dantifris kèlkeswa mak la  Preparasyon:  Graje zonyon an epi mete l nan yon veso ki pwòp, apre wap mete yon kiyè vazlin ak yon kiyè pat dantifris ladan l.  Byen brase yo ansanm, pase l kote ou gen mak pitit yo, byen mase’l pandan 10 minit, epi kite l pandan 5 minit ,  apre pase yon ti krèm sou li oubyen pase vazlin nan menm sou li.  Ou ka pase l chak jou e sa w prepare a ka konsève nan frijidè pandan 3 jou .

  Nan moman sik manstriyèl kay fi a, koulè règ la jwe yon wòl enpòtan koulè yo kapab di anpil bagay sou sante fi a . Li enpotan ou dwe plis atantif pandan moman règ ou,paske koulè a nan peryòd ou se yon bon fason pou ede w detekte pwoblèm sante pi bonè

 1-Koulè wouj -woz: eksplikasyon an senp ou nan premye jou règ la ,se yon san ki melanje ak pèt nòmal ou yo.  si sa rive ant 2 sik règ la ou sipoze konsilte yon medsen , li kapab tou akoz yon enplantasyon andomèt la kapab senyen,  ( yon siy gwosès avanlè (),oswa yon blese ki kache nan pati entèn aparèy repwodiktè fi a.  2-Koulè -vif (Wouj klere): San wouj klere se souvan yon siy ki di fi a bòn sante , sa vle di sekresyon nan pawa matris ou nan nòm yo.,  lè sèlman ou ta dwe enkyete se lè sekresyon yo wouj klere règ la dire pi plis ke 8 jou.  3-Koulè wouj grena : pafwa ou ka gen san koulè wouj grena ak kayo (tiboul)nan san an,pa panike ,  sa a se nòmal iteris (Matris ) la kap reprann ritm nòmal li. Men si kalite san konsantre sa kontinye koule,se pandan , li kapab se yon siy fibwòm tou Ou kapab tou fè atansyon tou si w remake kayo gri nan san ,ki kapab yon siy byen bonè nan foskouch.

 4- Koulè wouj zoranj : nan règ koulè wouj-zoranj ki dire nan tout peryòd règ ou yo.  Yo endike yon afè inofansif nan sekresyon nan kòl Matris la ki melanje ak san an. Règ wouj zoranj lan kapab yon siy byen bonè « enfeksyon « nan vajen an ki chanje koulè nòmal sekresyon ou ,  epi tou li ka la koz yon odè endezirab.nan ka sa ou sipoze wè medsen .  5-koulè Mawon-nwa : Se yon siyal,men pa enkyete w , akoz rezidi oswa dech san kite nan dènye peryòd règ oswa nan sa aktyèl la,  an jeneral gen koulè nwa (fonse) se byen nòmal.  6- San ki gen ti tach ladan l: tach yo ki nan san an jeneral se kantite senyen pandan sik la .  Yo ka parèt pal oswa mawon tach sa yo pafwa ka endike yon move balans nan òmòn yo oswa yon siy gwosès prekòs la.  Si w resanti ou gen yon san kap sikile ki gen koulè klere kapab tou siyal pwoblèm tiwoyid oswa nan glann ipofiz la. Si w genyen yon sik ki plis ke 35 jou ki pi ba ke 21 jou se yon bagay ki pa nòmal Si w gen règ ou 2 fwa pandan yon mwa se bagay ki pa nòmal  Si w gen règ ou li fè plis ke 7 jou sou ou se bagay ki pa nòmal.  Si w konn fè plis ke 3 mwa ou pa wè règ ou se bagay ki pa nòmal.

REMÈD NATIRÈL POU ENFEKSYON VAJINAL: -12 Fèy Gwayav -12 Fèy Pwa kongo -6 Grenn Lay vyolè(Rache yo) -12 grenn Jiwòf -12 Fèy maskriti -12 Fèy twonpèt -2 Grenn Sitwon(Koupe yo) Mete tout Engredyan yo bouyi nan 1 galon dlo. Kite'l bouyi jis li redwi a ½ galon dlo. Mete'l la nan bonm epi fè twalèt entim ou ak bwè yon vè chak maten pou jis li fini,Pa fèl avè'l twò cho chak ou pral fei twalèt ou mete'l fè yon ti chofe sou dife.

 Remèd natirèl pou bouton ak tach nan vizaj :

 Engredyan: o -Sitwon -Siwo myèl  Preparasyon:  Pile anviwon 4 a 5 sitwon ak tout po, melanje'l ak siwo myèl la, fè yo fè yon sèl tankou konfiti ,  pase'l nan figi'w kote ki gen bouton avèk oswa tach yo. Aprè 30 minit lave figi'w avèk dlo tyèd.

Enfeksyon Irinè

 Lè nou pale de Enfeksyon Irinè, se lè gen prezans Patojèn ( Bakteri ) nan pipi a, akonpanye ak yon ansanm sentom ak siy ki nwi sistèm Irinè a.  Enfeksyon Irinè a ka touche nenpòt ògàn ou estrikti nan Sistèm Irinè a (Sistit , se lè vesi ou basen an anfle ), (iretrit , se lè irèt la Anfle ),  pwostatit ( se lè pwostat la Anfle).

 Diferan tip Enfeksyon irinè : Gen 3 tip Enfeksyon Irinè, daprè lokalizasyon enfeksyon an : 1-Sistit Enfeksyez : se lè ou jwenn Escherichia coli nan pipi a 2- Iretrit Enfeksyez : Anpil ajan enfeksyez ka koze Iretrit. Ajan enfeksyez ki pi komen yo se : Chlamydia ak Gonococ ( bakteri ki pwodwi Gonorrhée a). Lakay Gason, Iretrit la ka akonpanye ak Pwostatit (Enfeksyon Pwostat). 3-Pyelonefrit : Se enfeksyon ki pi grav la . li deziye Enflamasyon Basen an (kavite nan ren an ki kenbe pipi a) ak Ren an menm.  Koz :  Bakteri (Jèm) ki responsab enfeksyon sa se fanmiy Entewobaktè (Bakteri ki gen orijin Dijestiv) :  -Escherichia coli (80 - 85 % nan ka yo) ; -Proteus Mirabilis ( ki favorize Kalkil Renal ) ; -Entérobacter, Citrobacter, .....  Bakteri sa yo antre nan Irèt moun nan a pati po kò a epi li antre nan Vesi oubyen Basen an ki pwovoke Enfeksyon Vesi a  Yon Mank Ijyèn kapab koze Enfeksyon, sitou lakay Fiy yo .

 Mank Ijyèn nan ka dekoule konsa :  -Lè fiy a fin sòti nan twalèt, li siye dèyè l dèyè pou ale devan, li pote bakteri ki nan dèyè l yo devan nan Meyat Irinè a.  Lè fiy a pa pipi aprè li fin fè bagay (pou Retire tout bakteri ki te antre nan Irèt la ) se yon lòt faktè enpòtan.  -Konstipasyon ( Sere ) se yon lòt faktè, paske konsèvasyon matyè fekal nan rektòm nan se yon sous pèmanant enfeksyon.  Trè ra, enfeksyon irinè a konn koze akoz Malfòmasyon Aparèy Irinè a.  Gason yo plis pwoteje kont Enfeksyon Irinè an konparezon ak fiy yo pa rapò ak distans ki separe Anis ( Twou Dèyè ),  ak Meyat Irinè a ( Twou ki twouve nan Pwent Gland Irinè a ) Longè Irèt Gason an mezire anviwon 16 cm,  epi pa Fiy la mezire sèlman 2 cm.

 Sentom Enfeksyon Irinè a :  -Li manifeste pa doulè oubyen sansasyon lè moun nan ap pipi ou , pafwa doulè abdominal ak fyèv,  -Doulè lè moun nan ap pipi ou non -Yon Eksè Kantite Anòmal pipi pandan lajounen ou lannwit.  -Yon Santiman Pèsistan Bezwen pou pipi  Koulè Twoub pipi a ki bay yon Sant Dezagreyab. -Yon Kranp anba vant -Pafwa san nan pipi yo. -Doulè nan Kolòn Vètebral la.

 Moun ki Plis riske ak Enfeksyon Irinè :  -Fi, sitou fi ki fè bagay anpil. -Fi ansent akoz presyon timoun nan egzèse sou sistèm Irinè a, epi akoz chanjman bwit òmòn yo. -Aprè Menopoz fiy a, ki plis sijè a Vajinoz ( enfeksyon vajinal ki koze pa bakteri ). Diminisyon Estwojèn,  ki lye ak Menopoz kontribye ak Enfeksyon Irinè  -Moun ki gen Sik ( Dyabèt ), an rezon kantite Glikoz ( Sik ) ki ogmante nan pipi yo, ki kontitye yon milye pou devlope bakteri. - Moun ki gen Anòmali estriktirèl nan vwa irinè yo, ki soufri Kalkil Renal oubyen Twoub Newolojik.

 Egzamen pou detekte Enfeksyon Irinè :  Bandlèt Irinè (disponib famasi) oryante dyagnostik nan yon minit : ki revele prezans polinikleyè netwofil ak nitrit.  -Egzamen Sitobakteryolojik pipi (ECBU) konfime dyagnostik nan idantifye bakteri ki teste ki sansib ak plizyè antibyotik (antibyogram).  -Lè gen Pyelonefrit leje, ou ka reyalize yon egzamen radyolojik (radyografi abdomèn, Ekografi Renal) nan rechèch koz yo (tankou kalkil renal).

 Kòman ou ka Trete Enfeksyon Irinè :  Pa mwayen Antiseptik Irinè pandan 10 jou sou Endikasyon Medsen ; -Pa mwayen Antibyotik kout nan 3 jou sou Preskripsyon Medsen tankou : Antibyotik fanmiy Penisilin ( Amoksisilin, Ampisilin )  ou Kinolòn ( Sipwofloksasin, Levoflosaksin ; -Oubyen yon Sèl Trètman nan yon sèl dòz. Sèl dòz sa efikas pou majorite jèm ki koze Sistit Leve ( Enfeksyon Vesi ou Basen ).  Konsèy Pratik :  Bwè plis pase 1,5 lit dlo chak jou ; Byen fè Twalèt ou aprè ou fin pipi ou twalèt ; Lite Kont Konstipasyon ( Sere ) ; Siye Dèyè ou ak papye ijyenik, sòti devan pou ale dèyè ;  Pipi imedyatman aprè ou fin fè bagay ; Evite pantalon sere.

Remèd natirèl pou sere vajen: Gen fi depi yo akouche plizyè fwa, vajen an toujou gen yon tandans a rete laj, paske li gen yon elastisite lakay li, pafwa mari yo pa gen anvi kouche yo . -Gen fanm tou, depi sou yon sèl pitit, vajen an konn vle varye sou lajè li tou. Resèt: 1-Pran Yon pat lalwa, nou ap koupe pati ki gen pikan yo, nap kale li , li retire po vèt ki sou li a. Li gen yon pati transparan ladan'l ki tankou yon jèl, ou ap pran pati sa, ou ka koupe'l an ti moso epi sere l nan papye konsèv ki an aliminyòm yo pou'w pa nan plede refè menm pwosis sa yo chak fwa ou ap itilize jèl la, donk wap ka sere rès la. 2- Wap itilize ti pati blan oswa jèl la, wap pase li nan vajen an, 3 a 4 fwa nan semèn lan avan nou al dòmi. -Yon garanti de 2 a 3 mwa o minimòm wap wè anviwònman vajen'w sere.

Avètisman : Depi nou ap fè e swiv trètman sa, nou pa dwe nan fè sèks sinon ou pap jwenn rezilta sa ke ou bezwen nan men #Lalwa a pou vajen an.

Remèd natirèl pou moun ki fè Maladi Hépatite B:

➡Engredyan : - 1 Papay Mi -Rasin femèl papay -Fèy vèt femèl papay -Rasin Moringa -Fèy vèt Moringa -Rasin kokoye - 4 sitwon ➡Preparasyon : Koupe sitwon yo an 2 bout , pran tout lòt Engredyan yo Mete yo nan yon chodyè mete dlo epi kite'l bouyi pandan 10 a 15 minit. ➡Pozoloji : Bwè 3 vè pa jou , maten/Midi/Swa . Wap bouyi Engredyan yo yon sèl fwa /Jou . Fè trètman an pandan 1 mwa. Aprè al konsilte yon Medsen wa ban nou rezilta.

   



 Enfeksyon vajinal

 Se youn nan enfeksyon ki trè frekan, you’n nan premye motif konsiltasyon jinekolojik  Li ka koze pa "bacterie ,virus, parasite, levure"  Kisa ki ala baz yon enfeksyon vajinal? Dezekilib milye vajinal la, pa bliye ke vajen an gen yon "flore micro-organisme" ki la pou pwoteje l , milye vajinal la gen yon PH asid.

 Yon chanjman nan : -PH la oubyen de" flore "kap pwoteje l la - yon to anòmal de sik( souvan lakay fi ki dyabèt) de antikò (systèm defans ki la pou pwoteje nou Kont kò etranje) ka twouble flore la.  -Menm jan laj moun kap pran "pillule contraceptive"(fanm kap fè planin) - fanm ansent ,tout sa ka pètibe "flore "la  li ka kondwi a miltiplikasyon anòmal bakteri a chanpiyon ki nan "flore vaginale la" ki jwe yon wòl pwotektè pami bacterie ki pi frekan,  kisa ki ka koze’l nan flore la nou gen "Gardnerella vaginalis" ,e egzanp de chanpiyon nou gen sa ki nan fanmiy candida ki pral bay "candidose vaginale" ,  nou ka gen parazit nou ka trape nan rapò seksyèl san pwoteje ki se "Trichomonas vaginalis".

 Ki konplikasyon yon enfeksyon vajinal ka bay? Pi souvan li pa bay gwo konplikasyon pa kont li ka responsab de yon avòtman spontane e kòman ?  si pa egzanp jèm sa yo kite vajen an yo migre nan matris la yal chita nan andomèt la sa ki ka vin ba w yon endometrite o (premye kouch matris la anfle) ke nou jwenn ankò lakay fi kap fè avòtman volontè lè yo foure bagay matris la sa konn irete pawa o andomèt la oubyen lè gen rès debri ki ret anndanl aprè avòtman  Si li la lontan li ka vin "chronique" sak vin pase ? lè fecondation fin fèt lè zygote la vle nide nan andomèt la a koz de enfeksyon an li pap ka rete.  .e provoke avòtman spontane an....  li ka gen konsekans sou nouvo ne a li ka atake zye’l nan ka yon gonore oubyen klamidya , li ka bal sa yo rele "ophtalmie purulente" ,  timoun nan aprè kèk tan nou wè zye l ap bay pij sil pa trete li ka avèg ,anpil moun fèt avèg sa konn lye a ophtalmie ,  e si se yon chlamydia an plis de "ophtalmie purulente "lan li ka atake poumon timoun nan se sak fè nap wè ,

 aprè yon akouchman gen yon remèd yo met nan zye timoun nan se pou fè prevansyon.  li ka atake twonp moun nan tou lè sal pral bay yon "salpingite" ( lè tronp lan anfle ) ki pral declannche yon reyaksyon defans.  gwo dega ka fèt ki ka menm bouche twonp lan, lè sa espèmatozoyid la pap ka al rankontre ovocyte II a oubyen fecondation ka fin fèt zygote la bloke li pa ka desann nan matris la, lè sa moun nan pral gen yon gwosès Ektopik , si tronp lan pete moun nan ka mouri pa yon "hemorragie".  li ka anpeche fi an tonbe ansent si vajen an vin twò asid sa kap tiye epèmatozoyid yo.

 Kisa’w ap santi oubyen wè Lè’ w gen enfeksyon vajinal? -Doulè e vulve ( Lèv yo) ou ap grate’w ki souvan vin gonfle oubyen vin wouj  Chanjman nan odè, aspè, abondans sa nou rele perte vajinal( bagay kap sot vajen’w) ki blanch lèl pwovoke pa yon levure,  ki ba w aspè lèt Kaye, e ki jòn oubyen gri lèl pwovoke pa yon bacterie fòk nou souvan veye fouk kilòt nou yo gen vye odè,  e ki konn Jaune-verdatre lè l pwovoke pa yon parazit trichomonas vaginalis nap wè sekresyon an gen yon aspè kimen,  ki gen yon odè dezagreyab, nan ka yon enfeksyon pa "Gardnerella vaginalis" moun nan ap bay yon sekresyon gri ki gen sant pwason pouri.  -Ou konn santi kanal brile lè w ap pipi oubyen doulè Lè w ap fè sèks ,nan kèk ka ra vajen an konn ap bay san an deyò de règ,  Plizyè fwa nou pa santi you’n nan siy a sentom sa yo kòm nan ka trichomonas vajinalis moun nan enfekte san l pa konnen.

 Ki fi ki a risk : -Fi dyabetik ki souvan fè enfeksyon lye a levure a koz de sik la ki wo o -Kay fi ki ansent , kote pwobabilite a ogmante de 10 a 20 fwa poul trape enfeksyon vajinal  -Fi kap fè planin - kay fi kap fè bagay san pwoteje -fi ki pa metrize prensip ijyèn yo  Faktè risk yo se: -Strès -kèk medikaman tankou moun kap pran antibiotik san preskripsyon ,souvan san rezon gen moun ki menm pran antibiotik , o aprè reg yo di yap netwaye vajen yo eben si n pat konn sa vajen an netwaye pou kòl, o pran antibiotik nenpòt kòman vin rann jèm yo vin rezistan.  -moun kap pran "corticoide" ki ka ogmante pwobabilite pou w trape yon enfeksyon  -moun ki gen maladi ki ka afebli systèm defans ou kòm pa egzanp SIDA

 -Lèw ap pot rad sere rad ki fèt a tisi sentetik, ki kenbe chalè kò w ki favorize pwoliferasyon chanpiyon yo(Candida) ,  li tap pi bon pou w dòmi san kilòt  -Lè w fè twalèt ou twòp a pwodwi san avi doktè -Lè w pot sterilet en cuivre -Lè w gen plizyè patnè seksyèl oubyen fe sèks san pwoteje.

 Kijan’w pou’w fè prevansyon : -Byen lave a seche rejyon jenital ou a dlo trete, se pandan pa lave l twòp ni pa sèvi a pwodwi pou w fè twalèt ou.  -Lè w ap esiye w fè l de "l'avant vers l'arrière" pou w evite jèm ki nan "rectum" ou al nan vajen’w ,  menm Jan tou lè w ap fè twalèt de ba ou pa fèl monte desann fèl avan an aryè ou met benyen 1000 fwa pa jou,  twou dèyè w ou ap toujou gen jèm, evite pran jèm nan anis nou pot nan vajen nou,  pa fè twalèt de ba nou nan kivèt pou dlo ou Jete pou w pa repran l ankò  -Evite itilizasyon prodwi pafime (savons, bains moussants, papier hygiénique, tampons)  -Pa itilize dezodoran vajinal -Pa plede fè douch vajinal pou règ ijyèn koz sa twouble ekilib natirèl flore vajinal la -Chanje regilyèman tan pon(chak 2h) a kotèks  -Dòmi san souvètman pou lè ka pase otou "vulve" la, pou evite imidite  -Evite pote pantalon a kolan twò sere -Evite pote Mayo de ben pandan anpil tan -Pwoteje tet nou lèn antre nan relasyon seksyèl  -Nan ka enfeksyon ki koze pa "levures" li rekòmande poun evite twòp sik Si’w Santi ou remake siy a sentom sa yo al konsilte medsen.

Remèd natirèl avèk fèy Zanmann:

-Fèy zanmann ede'w fè dijesyon -Fèy zanmann ede granmoun ki kòmanse nan laj kap pèdi memwa

-Fèy zanmann ede'w fè prevansyon kont maladi " cancer prostate , maladie de Parkinson -Fèy zanmann bon pou moun ki malad nan Foie , moun kap touse san rete.

-Fèy zanmann bese tansyon ki wo .

Pye zanmann se yon pyebwa ki enpòtan men ki kenbe dyab tou , majorite moun gen pye zanmann lakay yo .

-Si'w santi'w gen vètij , ou gen tansyon wo , chita'w chita anba pye zanmann nan sèlman wap vin nòmal , tansyon'w ap bese.

➡Pou moun ki gen tansyon wo wap jis pran 3 Fèy vèt , bouyi'l bwèl chak maten pandan 3 jou sèlman lap bese tansyon.

Remèd natirèl pou trete KAP nan cheve: ➖Engredyan: - 2 tikiyè bikabonat - 2 kiyè lwil kokoye - 1 sitwon - 2 kiyè vinèg pòm - 10 grenn aspirin - 2 kiyè siwo myèl ➿ Preparasyon : Wap met bikabonat la nan yon veso, wap ajoute lwil la, wap kraze aspirin yo an poud ou met nan veso'a tou epi ajoute ji sitwon an, siwo myèl la avèk vinèg la byen brase'l. Aprè pase'l nan tras tèt ou kote ki gen kap yo san cheve'w poko lave. Pa grate po tèt ou avan'w fè aplikasyon sa. Si'w te grate'l epi'w santi'l cho, pa mete trètman an ladan, lap boule'w anpil. Kite'l nan rasin cheve'w (po tèt ou) pandan 30 a 45 minit, aprè lave cheve'w nòmalman. Ou ka mete ti poud aspirin nan shampoo wap sèvi tou. PS: Remèd sa valab pou ni Dread , ni cheve pèmanant, ni cheve natirèl.

  Remèd natirèl pou anemi:

 Engredyan : -Pòm vèt -bètrav -Kawòt -Fèy lyann panye melanje ak epina  Preparasyon : Ou pile fèy yo ou pran ju 'a ,epi'w blennde oswa graje pòm yo ak bètrav la kawòt la, o epi'w koule'l ou pran ji'a ou melanje'l avèk ji fèy la san'w pa mete lèt . Ou ka mete yon ti siwo myèl pur ladan'l .  Bwè yon vè ju konsa 3 fwa/Semèn .  Lè'w gen règ san koule tak par tak , ou gen gwo tèt fè mal , remèd sa a bon pou ou.

 Remèd natirèl pou fi Règ yo pa janm vini (Règ iregilye):

 Gen anpil fanm kap wè règ yo 2 fwa nan yon mwa,konsa gen fanm kap wè règ yo chak 2 a 3 mwa. Sa vle di règ sa pa regilye,  Depi ou paka kontwòle règ ou Sa ka koz ou ansent fasil. Men yon remèd natirèl pou fè règ ou regilye:  Wap pran yon anana ki pa mi, koupe’l an ti moso, mete’l bouyi nan 2 lit dlo . Wap kitel fè 10 minit ap bouyi. Koule ji a nan yon paswa.  Wap bwè yon vè chak maten, chak swa. Mete yon kiyè siwo myèl nan chak vè wap bwè. Wap bwèl 3 fwa pa semèn sa vle di ou ka bwèl lendi, mèkredi, vendredi jiskaske règ la vin regilye.

Remèd natirèl pou fi ki gen kansè nan tete oswa boul nan tete:

 Engredyan :  fèy lougawou -flè choublak - asowosi - fèy perila -flè solèy -fèy amazon vèt -fèy vilgaris

 Preparasyon :  Mete yo ansanm nan yon bòl dlo lave yo, mete yo nan yon pilon ki premye sèvi, pile tout byen fen, pran ma'a mete'l nan yon twal blan, mare'l epi'w mete'l bouyi ak 2 lit dlo pandan 15 minit lap detèn lap bay yon koulè vèt, aprè 15 minit ou retirel ,  ou pran dlo a mete nan yon tas san sèl , san sik ou bwèl tout pou jounen an, aprè wap pwan twal ki gen ma yo mete frèt lè'l fin frèt ou demare'l épi mare'l nan tete ki enfekte a pou tout yon jounen.  Wap pran remèd sa 3 fwa pa semèn pandan 1 mwa edmi, lap anpeche doktè fè'w operasyon pou'l koupe tete'w , o si'w gen maladi kansè kòmanse lendi pou'w ka pran'l 3 fwa pa sèmèn.

 Remèd pou mak pitit:

 Engredyan :  Wap jis pran yon grenn zaboka , yon ti siwo myèl epi kèlke grenn sitwon . Wap graje grenn zaboka'a (atansyon se pa pati'w konn manje nan zaboka'a) ,ou melanje'l ak siwo myèl la epi ou pire sitwon'an ladan'l .  Lap vin ba'w yon melanj ki molas (trè lyan) . Epi'w ap pran you Gan wap pase'l kote ou gen mak pitit yo ,wap kite'l fè minimòm 20 minit aprè ou benyen ak yon dlo tyèd,  (dlo'a pa dwe twò Cho, ni twò frèt). Wap fè sa 3 a 4 fwa chak semèn, Jis tout mak yo efase Konsa tou'w kapab itilize plant nou rele lalwa li amè anpil wap jis kale lalwa , epi pati blanch lan, wap pase li sou yo pandan 3 a 4 fwa nan semèn lan jis ou wè mak yo ale.



Maladi Chlamydia:

 Chlamydia se yon enfeksyon ke ou ka pran nan fè bagay san kapòt, maladi sa souvan devlope kay gason ak bouboun fi.  Pafwa maladi sa atake poumon moun . Se pa fasil pou yon moun jwen maladi sa nan fè tibèf.  Maladi sa pa bay okenn sentòm depi li pa gen anpil tan sou ou. Li kapab bouche twonp ou e anpeche'w fè pitit .  Moun ki fè maladi sa souvan wè yon likid blanch kap sòti nan pati jenital li, ou ka santi gwo doulè pandan wap fè bagay ,  pati jenital ou konn ap grate'w. Pou medam yo li konn ba yo gwo doulè lè yo gen règ . Ou gendwa gen Chlamydia ou pa konnen.

 Kòman pou'w trete Chlamydia Si'w pa vle ale kay doktè :

 ➡Engredyan :  4 grenn lay diven -1 kiyè siwo myèl - 1 gode dlo.  ➡ Preparasyon :  Wap pile lay la, ou mete'l nan gode dlo a ak siwo myèl la , brase yo ansanm, wap bwèl chak maten, chak swa pandan 1 mwa.

 Remèd natirèl pou kase vant , elimine grès:   Engredyan :  -8 vè dlo -1 tikiyè poud jenjanm -1 sitwon -12 fèy mant - 2 konkonm  Preparasyon :  Mete dlo'a nan yon boutèy , koupe sitwon an ti moso pa ti moso mete'l nan boutèy la, mete poud jenjanm nan ,  aprè sa mete fèy mant yo , Aprè rache konkonm nan mete nan boutèy la.  Bouche boutèy la, mete'l nan frijidè Pandan tout nwit lan. Chak maten bwè yon vè san'w poko manje , Lèswa bwè you'n avan'w dòmi epi toujou konsève'l nan frijidè'a .  Fè sa pandan 15 jou chak mwa. Avan'w kòmanse pran mezi senti'w.



 Remèd natirèl ilsè estomak ak asid:   Majorite Moun nan tout laj ap soufri avèk maladi sa , se kòm yon maleng ki nan estoma kap fatige'w. Li ba'w doulè,kè boule, malèz, vomisman,pèdi pwa .... aprè ou fin al wè yon doktè ki pou ede'w, men yon remèd natirèl ou ka fè ki trè bon e kap ede'w.men kijan'w kapab jere sa:

 Engredyan  -Pòm de tè kri -chou vyolèt -siwo myèl  Preparasyon: Wap pran pòm de tè kri ak chou vyolèt la ou lave yo byen ak dlo pwòp epi rache yo pa ti moso met nan yon blenndè mete ti dlo pou yo ka byen blennde epi koule'l, bwè yon vè chak maten avan'w manje. Lè'w fini chak swa avan'w dòmi bwè you'n ou 2 kiyè siwo myèl.Pa manje anpil piman , pa bwè soda , koka , alkòl.

  Remèd natirèl pou moun ki gen senti fè mal:

 Plizyè bagay ka kòz ou gen senti fè mal tankou: Moun ki fè twòp tan chita ap kondi oubyen travay, moun ki gen stress, moun ki fè pyè nan ren elatriye . o pou medam yo dèfwa li konn fibwòm oubyen enfeksyon irinè. Si'w konn gen senti fèmal San se pa youn nan bagay sa yo ki koz men kisa pou'w fè:  Wap pran grenn konkonm zonbi ou chode’l nan yon ti lwil masketi aprè sa mete l nan yon moso twal, o epi marel nan senti'w. Siw pa jwenn konmkonm zonbi ou ka itilize 3 fèy chou vyolèt.  remèd sa efikas sèlman pou moun ki gen senti fè mal akòz li fatige, li chita twòp, li tonbe.



 Koz majè ki fè anpil fanm ansent mouri e lakay nou se yon gwo pwoblèm ,ki pi gwo jwa ki gen nan yon fwaye se lè w wè fwaye an pote fwi?  Gen de ka ou pèdi ni patnè’w ni pitit la e you n nan pi gwo ènmi yon fwaye se tansyon wo,  ou ka rete ou wè fanm ansent lan gen yon kriz kòl ap sakade e sa vrèman tris pou wè , pa mande Bondye pou w ta viv yon moman konsa.  E konplikasyon yo souvan fatal, se kanpe gwosès la si nou ou riske wè fanm ansent lan file nan men w nan yon ti tan byen kout ,  Anpil fwa nou te ka evite konsekans sa yo pa yon senp depistaj.

 Tansyon wo lakay fanm ansent ki chif pou genyen? kisa l ka santi? Kilè sa grav ? E ki konsekans li ka gen sou lavi moun nan  Nou pale de tansyon wo lakay fanm ansent lan se lè l anrejistre yon tansyon 140/90.

 Kijan yon fanm ansent fè gen tansyon wo? -li te ka genyen l byen avan li ansent li te ka pat janm konnen  li te ka pat janm soufri tansyon wo pi apati de 20 tyèm semèn gwosès la li vin soufril pi fanm lan ap pase pwoteyin nan pipi l la ,  se kanpe gwosès la ki solisyon an, se sa yo rele "pré-éclampsie" a sa ka met vi fanm ansent lan an danje. Depi gen tansyon wo pi doktè jwenn proteyin nan pipi fanm ansent lan. Menm kel ap di pou anpil se fè tout demach pou kanpe gwosès la ,doktè yo konn ap eseye wè si yo ta sove fetis la , si tout sa yo fè pa mache e ke fetis la son trè gran prematire li pa gen anpil chans poul viv,nan 2 chwa sa yo , yap toujou sove fanm ansent yo pèdi bebe an.

 Kisa yo fanm ansent ki viktim de pré-éclampsie ka santi? o -Fi an konn remake li pran yon pwa ki twòp pa rapò a kantite tan li genyen briskeman , pye l gwo, o ( sa pa vle di depi pye fanm ansent vin gwo se pré-éclampsie li ka al kay pou depiste si tansyon l wo e sil ap pèdi twòp pwoteyin)  -Tansyonl 140/90 -lap pase anpil proteyin  -Lè sa vin sevè -tansyon an pase 160/110 -ou pa pipi ase -tèt fè mal -fanm ansent lan delala -doulè anba kè e anba kòt li sou bò dwat -lèl rete wa dil wè yon pakèt mouch ap vole -li reflèks li ogmante

 E pou timoun nan sal riske?  -lap antre an soufrans paske echanj ant li menm a manman ap mal fèt -li ka mal devlope -si pwa l twò ba, yo ka pa gentan sove l -li ka vin gen lezyon nan sèvo l

 E ki risk pou manman? Konsekans yo souvan menen lanmò manman Fanm ansent lan riske fè "stroke" san kaye nan tèt li -li konn gen dlo nan poumon -konn gen yon boul san nan plasennta (entèfas ki pèmèt echanj ant manman a pitit la) vin fè fanm ansent ap senyen anpil -fwal ka atake  -fanm ansent lan konn antre an kriz ou wè l ap sakaje kòl la sa vrèman tris.  Yon fi ki ansent pi yo wèl ap pase proteyin sel trètman ki eksziste se kanpe gwosès la doktè ka toujou eseye pou wè ,  si yo ta sove bebe an men yon pré-éclampsie ap evolye kanmèm vè konplikasyon , si n pa fè anyen toujou wap fini pa mouri,  fòn pa janm jwe a tansyon.

  Remèd natirèl pou fibwòm e kis :

 Engredyan : -Bètrav -½kg siwo myèl pur  Preparasyon :  Mete yo nan yon blenndè , blennde yo Pandan 1 minit san mete dlo.  Aplikasyon:  Bwè yon vè 3 fwa/Jou pandan 2 mwa.  Aprè al fè yon konsiltasyon wap wè fibwòm nan kòmanse disparèt, ni kis yo

Ki aliman ou dwe manje pou tonbe ansent:

 Fètilite o Rejim alimantè o Yon fanm ki vle tonbe ansent , gen yon seri de manje ke w dwe konsome ki pou ogmante kapasite amelyorasyon fenomèn ovilasyon an o Lakay fi a e menm ogmante efikasite espèm nan lakay gason an. Ou dwe evite manje aliman a « Index glycémique, (IG) » sa vle di aliman kap o Ogmante rapidman nivo sik nan san w ( Sucre rafine , Farine Blanche , pomme de terre , Sodas…), lè w manje pwodwi sa yo yo pral antrene o « secrétion insuline » nan pancréas ou paske « Hyperinsulinémie répétée » kapab nwi ovilasyon an lakay fi a. o Ou dwe favorize aliman (IG bas ) yo tankou « céréales et farines complètes , les légumes secs , les fruits, le sirop d’agave ». o Lè w manje « Bons glucides » avan e pandan gwosès la li ede w prevni risk « Diabète gestationnel ». o Ou kapab konsome « Omega-3 » li ede òganism ou byen fonksyone epi’l patisipe nan akselere sistèm repwodiktè a.

o Li enpòtan pou’w konsome « Poissons gras ( type maquereau , anchois, sardines, saumon, foi de morue) » des fruits de mer , o Konsome « œufs poules ». Pandan gwosès la ou kapab toujou konsome « Omega-3 » paske li patisipe nan bon devlopman o « neurologique » timoun nan. Pandan gwosès la vitamin sa yo ou pa dwe manke yo « Vitamines (A, B ,C ,E ,K) » o « L’acide folique ( Vitamine B9) pèmèt « Embryon » devlope byen , « Vitamine D » li ede fòmasyon eskelèt timoun nan , o « Vitamine A » ogmante « Croissance » timoun nan epi « Vitamine C » an ranfòse « Placenta » a. o Si w swete vrèman gen yon bebe ou pa dwe manje « yaourts 0% et lait écréme » men ou kapab konsome « Produits laitiers entiers » o Kap ede w amelyore pouvwa fè pitit ou. Konsome 1 a 2 « Produits laitiers entiers » chak jou ede w retabli ovilasyon an. o « Acide folique ou Vitamine B9 » li endispansab pou fanm ki komanse aje yo, paske vitamin sa li patisipe nan bon devlopman o « Cycle menstruel » lan , ou kapab manje « Aliments riches en folates : Epinards, Cresson, Melon, Avoine , Levure de bière, brocoli, o Oranges , mandarines » o Asid folik la ede w redwi risk « Fausse couche ».

Ejakilasyon prekòs/pwoblèm andirans/gason ki paka remèt anyen. Se lè yon gason pa gen andirans lè lap fè sèks.  Sak ka koz yon gason pa dire lè lap fè sèks? -Strès -Faktè sosyal -Faktè epsikolojik -Faktè familyal -Enfeksyon nan pati jenital -Twòp/mank de konsantrasyon -Elatriye…

 Remèd natirèl pou gason ki gen pwoblèm andirans seksyèl.

 Engredyan: -Lay vyolèt -Zonyon vyolèt -Grenad -Jenjan’m -Siwo myèl -Sitwon

 Preparasyon: -Graje jenjanm lan , -1 grenn ou 2 grenn lay, -1 Grenad -1 zonyon vyolèt -3 sitwon jòn -Siwo myèl o Lè w fin graje yo mete yo nan yon bokal pwòp pire 3 sitwon jòn ladan l depan de kantite li ye a , o epi ajoute yon ti siwo myèl, bwasel byen bwase kouvri’l met nan frijidè.  Pozoloji: -Nan demen maten lè w leve pran 1ou 2 kiyè avan w manje -1 ou 2kiyè lè w pral kouche sa vle di 2 fwa pa jou.Kontinye bwè l konsa.  Remèd sa pa pou moun ki soufri tansyon,se yon remèd ki fò anpil, pa al fò avè l.

Remèd natirèl pou mank andirans:  Gen gason ki konn pa gen bann e andirans nan fè bagay oswa sèks, kote ke yo gen mennaj yo, Oubyen madanm yo lè yo nan relasyon seksyèl avèk yo, yo pa menm ka fè 2 minit ap bay plezi. Gen fanm Ki pa gen pasyans Ki konn arive trip e minimize gason yo. Kisa ki konn lakoz sa? 1-sa konn yon bagay ki ereditè 2-sa konn lakoz w'ap itilize twòp fòtifyan chimik 3-si'w itilize sòs pwa (fòtifyan natirèl) bandil, ròch, stoud, yo ka lakoz sa 4-lè'w ap antre nan laj ki avanse anpil, sa konn lakoz tou 5- twòp mastibasyon (laponyèt) -Nou ka itilize grenadya, fè ji grenadya pa met dlo men mete ti glas epi sik, lè sa li natirèl, wap fè sa 3 fwa nan semèn yo, ou ka fè sa pandan 2 mwa. Avètisman : pa fè sa chak jou paske grenadya gen yon sibstans ladan'l ki ka deranje nou, pou moun ki renmen gen tèt fè mal yo sitou,ki anemik yo tou li pap fè nou byen.  Achte siwo myèl, fòk siwo a byen rèk, donk fòk li gen bon koulè sik krèm lan. Pran zanmann (badamier), kale zanmann lan, pran po yo oswa chè an w'ap mete'l nan yon ti boutèy oswa ti po ki ka fèmen,wap mete siwo a ansanm avè'l, achte yon ti alkòl (kleren blan, bwa kochon), mete yo nan boutèy la ansanm kite yo tranpe (fèmante) ,pandan youn oswa 2 semèn, apre li fin fè tan sa, bwè l pandan yon semèn chak mwa.  Avètisman : si'w paka bwè alkòl, itilize premye pratik la pito. Apre 2 resèt sa yo, lèw fin fè yo wap wè rezilta.

 Emoyid :  Kisa li ye? Se yon seri Venn moun nan gen nan anis liki dilate . Li nòmal pou venn nan tou dèyè w gonfle lejèman, o men se nan moman wap twalèt ,kontrèman ak maladi sa venn sa yo rete dilate .

 Kijan w ka rekonèt ou soufri maladi sa : 1-ou santi tou dèyè w ap grate w ,ap brile w 2-lè w chita ou santi w pa byen ou santi tou dèyè w ap dechire 3-ou ka gen doulè epi w ka bay san lè w ap twalèt 4) ou ka santi tou dèyè w anfle

 Ki moun ki riske fè maladi sa ? 1-li gen yon aspè ( hereditaire) sa vle di si yon paran w te soufri l ou ka vin fè maladi sa 2- fanm ansent ( matris la pral fè presyon sou tou dèyè w sa ka vin koz li sòti ) . 3)- fanm ki akouche pa ( voie basse ) sa vle di fanm kipa fè sezaryèn men ki rete pouse timoun nan pou l sòti nan vajen l 4-moun ki konstipe souvan oubyen kigen dyare souvan 5- moun kap fè bagay nan tou dèyè yo kit li se fi kit lise gason 6- moun kap leve chay lou ( potè yo) 7) moun ki twò gwo ak moun ki ret chita twòp .

 Gen 4 tip : 1: li anfle men li rete anndan 2: li sòti pandan wap twalèt e li antre lè w fin twalèt 3:li ka fin sòti ou antre l ak dwèt ou 4:li vin paka antre ankò

 Konplikasyon : Doulè a ka vin pi di pou ou si w pa pran sa o serye e ki ka vin fè san ret kowagile nan venn sa yo,  li ka vin anfle men li pap fè w mal , sak pi rèd la se kè wap twalèt san sa ka vin koz ou anemi .

 Prekosyon ou dwe pran : Depi wè ou gen san wap bay nan tou dèyè w kouri al lopital sa ka yon siy ki pwouve ke w gen maladi a, o oubyen yon lòt pwoblèm sante ki pi grav . Evite fè bagay nan tou dèyè Evite leve chay ki twò lou Bay tèt ou yon orè chak jou pou w twalèt ( manje anpil fig pou fasilite w pou w pa redi lè w al twalèt).

Remèd natirèl :

 1-wap pran yon zonyon wap lave l epi w rache l ou mete l bouyi wap tann li vin kwit ,  wap kraze l fèl tounen yon pat epi wap mete l nan yon ti moso twal pwòp epi wap depoze l nan twou dèyè w .

 2- wap pran yon ti èkòs bwatchèn wap bouyi l pandan 5 minit epi wap tann li frèt wap,pase l nan paswa .  Wap met dlo a nan yon kivèt epi w chita ladan l wap fè sa chak 2 jou jiskaske w santi w alèz .

o Tizann pou fanm ki gen fredi anndan'l aprè akouchman:

 Engredyan: -Jenjanm - kanèl - sitwon mi - boujon bazilik -4 grenn kafe  Preparasyon: Wap mete tout bouyi ansanm ak 1 lit dlo ½ pandan 15 minit aprè wap mete'l frèt pandan 7 à 10 minit ,  epi'w koule 1 lit mete nan yon tas mete yon ti sèl epi'w bwèl chak maten.

 Remèd natirèl pou'w konbat grip:

 Pou you moun rive elimine grip, las, opresyon, bwonch fèb, enfeksyon nazal, fyèv sezonyè, sinizit: Koupe 2 pat lalwa ki frèch, mete'l tranpe nan you ti vè tafya , 3 a 5 kiyè siwo myèl òganik, 10 grenn lay kale, 1 boutèy dlo mineral.  Mete yo nan yon blenndè, epi blennde yo ansanm. Aprè bwè melanj sa pou'w kapab lite avèk grip la.

 Lè nou pale de fèy lalwa se sa nou rele pat lalwa a mwen vle pale nou. Retire 2 arebò ki genyen pikan yo. kale yon bò nan pat lalwa a, o ak yon kiyè dekrase jèl ou nannan an. Mete li nan yon blenndè pwòp. Pa bliye se 2 pat lalwa.  Pou ti vè tranpe a , se tafya oswa kleren yo masere ak rasin, èkòs plant. Si nou pa genyen tafya tranpe, mete yon ti vè wonm/ vodka, ou whisky. o Pa janm mete diven ou byen byè. Vide ti vè wonm nan nan blenndè'a.

 Kale mezi 8 a 10 grenn lay, mete yo nan blenndè a.

 Mete mezi 3 a 5 kiyè siwo myèl òganik. Si moun nan pa konsome sik, evite mete siwo myèl - sèl bagay li pral anmè anpil.

 Mete mezi yon ti boutèy dlo mineral. Se pa fake dlo mineral yo, achte bon boutèy dlo mineral. o Si nou mete yon gwo boutèy nou kapab bwè bonm sa 2 fwa nan yon jounen. Si se yon piti bwè li yon fwa.  Sa jwe wòl preventif & curatif. Sa ki vle di ou pa bezwen malad pou w bwè dòz sa.  Ou kapab fè li pou ou ak pitit ou depi li genyen 21 lane.

o

Resèt pou moun kap mache pye yo ap tranble:

o Pou moun ki toujou gen tèt vire ki manke fòs, wap itilize fig mi, ak grenn ki anndan zanmann lan ep blennde yo ansanm, o mete lèt aprè bwè pa mete sik, li enpòtan pou w bwè l 1 fwa pa semèn.

o

o Remèd pou moun ki fè opresyon :

 Engredyan :  -flè mal papay -sitwon vèt -zonyon wouj -siwo darab  Preparasyon : o Wap pran yon kastwòl ou chodyè wap vide siwo a. Wap lave flè papay la ou mete,rache zonyon an ou mete. o Lè w fini,wap mete l bouyi sou dife pandan l ap bouyi,wap koupe e pire sitwon an ladann. Lè l finn gen 2 a 3 minit wap desann li jis mete siwo sa la pou bwè maten,midi,swa.  Siwo sa wap jwen li nan famasi yo, jis al mande l.

o

o Resèt natirèl pou fè cheve'w soup: o Li fè cheve'a pi nwa, molas, klere.  Engredyan: - 1 grenn ze -1 zaboka - 2 grenn Fig - You kantite Siwo myèl - 1 Pat lalwa - Jenjanm, Avèk Lwil yo konpoze ou ka itilize pou trètman cheve ( ki se lwil risin ,romarin, masketi, oliv).

 Preparasyon:  wap mete tout engredyan nou sot site yo la nan you veso, kraze ou pile tout , pou jenjanm lan wap graje'l ,  apre sa pase tout nan paswa, ou kapab blennde yo tou si'w vle. Apre sa wap mete lwil wap itilize'a ladan'l,  fò'w asire'w ke lwil wap sèvi'a fè cheve'w byen.  Kijan'w dwe itilize'l : pase'l sòti nan rasin rive nan pwent cheve'a byen masaye'l nan cheve'a aprè sa mete yon bone plastik nan tèt ou,  kite'l fè 30 a 40 minit aprè sa rense yo ak yon ti dlo tyèd, aprè sa lave yo ak Shampoo ak rens ou konn sèvi'a,  aprè kèlke jou wap jwenn rezilta'w bezwen an.



 Remèd kont fyèv tifoyid :  Nou konnen anpil moun ap soufri de maladi sa ki rele fyèv tifoyid la. Men yon remèd pou fini ak maladi sa :  Engredyan :  -Yon anana ki pa mi -10 ti moso tamaren -4 gwo sitwon byen mi -yon demi vè dlo  Preparasyon : - Byen lave anana avèk tout po ni tèt la san retire anyen, epi rache l tikal tikal, lave sitwon yo koupe yo an 2,  epi lave tamaren yo retire ti po a sou li. Epi mete tout nan yon kastwòl, vide dlo kite l fè yon 15 minit bouyi.  Apre sa metel atè bwè yon vè maten lè w apèn leve, you n midi, you n aswè avan w dòmi .

  Remèd pou fanm ki gen kis ak twonp bouche  Wap ka itilize remèd sa men fòk kis lan pa twò gwo paske si l twò gwo se operasyon doktè ap mande w fè aprè ou fin gen yon timoun  Engredyan:  -èkòs bwat chèn -èkòs mango fransik -lay vyolèt -siwo kann -boujon bazilik  Preparasyon:  Wap pran 2 èkòs nan chak bwa yo epi wap mete l bouyi ak 3 grenn lay ,epi mete 3 boujon bazilik.  Jis mete tout bouyi ansanm pandan 30 minit. Lè l finn bouyi desann ni,jis pran yon tas tou tyèd mete yon ti siwo kann ladan l epi bwèl pandan 15 a 22 jou  Bwèl chak maten san’w poko manje , pa bouyi l mete la.

 Sik Manstriyèl:  Kijan'w kapab kontwole peryòd Ovilasyon'w selon dire sik manstriyèl ou: Kantite jou règ ou kòmanse kontwole depi premye jou'w wè san an ,gen Moun ki kòmanse kontwole depi dènye jou règ la fini an lè sa'w nan erè .  Gen 15 sik manstriyèl regilye nap prezante'w yo.  Sik manstriyèl sa yo valab pou Moun ki gen "Sik regilye".  1-Sik 21 jou , jou prezime Ovilasyon an se 7èm jou e peryòd ou kapab ansent se 2èm jiska 8tyèm jou.  2-Sik 22 jou, jou prezime Ovilasyon an se 8ème jou e peryòd ou kapab ansent se 3ème jiska 9ème jou.  3-Sik 23 jou, jou prezime Ovilasyon an se 9ème jou e peryòd ou kapab ansent se 4ème jiska 10ème jou.  4-Sik 24 jou, jou prezime Ovilasyon an se 10ème jou e peryòd ou kapab ansent se 5ème jiska 11ème jou.  5-Sik 25 jou, jou prezime Ovilasyon an se 11ème jou e peryòd ou kapab ansent se 6ème jiska 12ème jou.  6-Sik 26 jou, jou prezime Ovilasyon an se 12ème jou e peryòd ou kapab ansent se 7ème jiska 13ème jou.  7-Sik 27 jou, jou prezime Ovilasyon an se 13ème jou e peryòd ou kapab ansent se 8ème jiska 14ème jou.  8-Sik 28 jou, jou prezime Ovilasyon an se 14ème jou e peryòd ou kapab ansent se 9ème jiska 15ème jou.

 9-Sik 29 jou, jou prezime Ovilasyon an se 15ème jou e peryòd ou kapab ansent se 10ème jiska 16ème jou o 10-Sik 30 jou, jou prezime Ovilasyon an se 16ème jou e peryòd ou kapab ansent se 11ème jiska 17ème jou. o 11-Sik 31 jou, jou prezime Ovilasyon an se 17ème jou e peryòd ou kapab ansent se 12ème jiska 18ème jou. o 12-Sik 32 jou, jou prezime Ovilasyon an se 18ème jou e peryòd ou kapab ansent se 13ème jiska 19ème jou. o 13-Sik 33 jou, jou prezime Ovilasyon an se 19ème jou e peryòd ou kapab ansent se 14ème jiska 20ème jou. o 14-Sik 34 jou, jou prezime Ovilasyon an se 20ème jou e peryòd ou kapab ansent se 15ème jiska 21ème jou. 15-Sik 35 jou, jou prezime Ovilasyon an se 21ème jou e peryòd ou kapab ansent se 16ème jiska 22ème jou.

o Tout fanm dwe konnen "Sik manstriyèl" yo , lè'w pa wè règ ou dwe ale prese prese kay you Jinekològ pou'w diagnostike pou'w konnen rezon ki koz règ la vini paske pi bonè se granm maten pa chita gade . Pou fanm ki gen "Sik manstriyèl iregilye " yo nou dwe toujou mete kapòt lè nap fè sèks si nou pa vle tonbe ansent. An Ayiti fi yo tèlman kwense yo toujou mete nan tèt yo se Gason an ki dwe mache ak kapòt , pa bliye Gason pap ansent ,se ou kap ansent se ou ki pral gen pwoblèm paske paran'w pral chalè, se ou ki pral Riske nan fè avòtman lè'w pa pare pou fè timoun , tout fanm dwe gen kapòt nan valiz yo lè yo pra'l nan relasyon seksyèl pou si toutfwa Gason an Pata genyen e wòl fi'a li dwe egzije Gason an mete kapòt .

Resèt natirèl pou moun ki wonfle nan dòmi:

1- Avan’w dòmi bouyi fèy sitwonèl , pa kite’l twò frèt , vide li nan yon kivèt mete pye’w tranpe jis dlo a frèt . Ou ka fè li 1 fwa chak semèn.

2- Avan’w dòmi pran 1 kiyè siwo myèl melanje li ak 4 gout lwil oliv.

Trètman natirèl pou : -Règ bloke -Règ iregilye -Fanm ki paka ansent -Menopoz Prematire -Twonp bouche -Azospèmi (Gason ki paka ansent fi)

Engredyan :

-Fèy Zaboka -Ekòs Zaboka -Fèy Lorye -Pèsi

Mete yo bouyi , ajoute kèlke gout sitwon. Bwè yon vè maten & swa. Fanm ansent pa bwè remèd sa.

Resèt natirèl pou doulè règ:

Engredyan: -L’ail -Gingembre

Preparasyon: Kale yo, mete yo nan blenndè epi mikse yo. Bwè 1 tas maten e swa pandan 4 a 7 jou .

Resèt natirèl pou Kis/Fibwòm:

Engredyan: -Zonyon -Gingembre

Preparasyon:

Pran 2 gwo zonyon , 2 bout jenjanm epi blennde yo, mete 1 lit dlo edmi , kite’l pase pou pipiti 1 nwit aprè koule’l epi kite’l fèmante pandan 4 jou.Bwè demi vè maten oubyen chak swa.

Remèd natirèl pou fanm tonbe ansent rapid:

Bouyi fèy Lorye epi bwè 1 vè 2 fwa/Jou pandan 3 jou nan peryòd ovilasyon’w. Li gen menm efè avèk plant yo rele 4 coté a.

Remèd natirèl pou gason ansent fi rapid:

Engredyan: -41 grenn pwav wouj -Siwo myèl

Preparasyon: Mete pwav yo nan yon vè, vide siwo myèl la ladan’l , bwèl avan’w mete pye’w atè sou kabann nan. Wap fè’l nan moman ovilasyon fi’a . Epi menm jou a fè sèks avèk fi’a maten e aswè.

Remak: Avan’w fè remèd asire’w ke fi’a pa gen ni kis, ni fibwòm, ni twonp bouche e gason an pa gen movèz kalite espèm tou.

Resèt natirèl pou trete odè Bouboun dezagreyab :

Engredyan: -10 Fèy gwayav -1 lit dlo

Preparasyon:

Lave fèy gwayav yo , mete yo bouyi jiska 5 a 10 minit aprè kite’l frèt . Lave bouboun ou avèl 2 fwa/Jou pandan 1 a 2 semèn

Remèd natirèl pou fanm ki toujou fè “Fausse Couche”:

Remèd 1

Engredyan: -Pwav long -Fèy Djeka -Jiwòf

Preparasyon:

Bouyi engredyan yo , bwè demi vè maten e swa.

Remèd natirèl pou fanm ki toujou fè “Fausse Couche”:

Remèd 2

Engredyan: -Fèy Bazilik -7 grenn piman Gine

Preparasyon:

Si’w ansent pandan 3 mwa , kraze fèy bazilik yo , mete dlo koule’l epi ajoute 7 grenn piman Gine . Bwè li 2 a 3 fwa pandan mwa a. Timoun nan pap tonbe.

Remèd natirèl pou fanm ki frijid ,ki pa mouye byen:

Engredyan: -Comcombre -Gingembre -Girofle -Tamarin

Preparasyon:

Bouyi tamaren an avèk jiwòf la. Blennde konkonm nan avèk jenjanm nan . Ajoute ji tamaren an avèk jiwòf la. Bwèl chak 6h PM.

Remèd natirèl pou doulè règ , (San ki koule nwa e Sal):

Engredyan:

-7 Nwayo mango -2 lit dlo

Preparasyon:

Retire po ki sou grenn mango a, mete’l bouyi pandan 10 minit , kite’l frèt . Bwè 1 tas 2 a 3 fwa/jou avan e jiskaske règ la fini.

Resèt natirèl pou fibwòm e timè:

Engredyan: -Fèy sitwonèl -Fèy gwayav -Fèy papay -Lay -Jenjanm

Preparasyon: Byen lave engredyan yo , mete yo bouyi . Pran 1 tas mete siwo myèl epi bwèl.

Resèt natirèl pou trete odè Bouboun dezagreyab :

Mete yon dizèn grenn jiwòf tranpe nan yon lit dlo pandan 2 jou. Aprè itilize dlo sa pou lave bouboun ou . Ou kapab fè li 2 a 3 fwa chak semèn.

Remèd natirèl pou fanm ki paka ansent:

Resèt 1

Engredyan: -30 fèy yanm sèch -3 lit dlo - 2 vè siwo myèl

Preparasyon: Mete tout engredyan yo bouyi pandan 1h de temps , aprè koule’l. Bwè li 3 fwa/jou pandan 15 jou aprè règ ou fini. Ou ka fèl pandan 6 mwa.

Remèd natirèl pou fanm ki paka ansent:

Resèt 2

Engredyan: -4 gwo pwaro - 1 lit dlo

Preparasyon: Bouyi engredyan yo pandan 20 minit . Bwè 3 vè chak jou pandan peryòd ovilasyon’w.

Rapèl: Pou yon fanm tonbe ansent fòk li pa gen ni : Fibwòm, Kis , Twonp bouche ,Pwoblèm Ovilasyon e fòk gason an pa gen pwoblèm espèm fèb.

Resèt natirèl pou fanm ki pa Ovile:

Pran kèlke fèy “Framboisier” byen seche , mete yo bouyi pandan 4 a 5 minit . Ajoute yon ti bazilik. Bwè 2 tas /Jou pandan peryòd ovilasyon’w.

Remèd natirèl pou malady sik (Moun ki dyabetik):

Engredyan: -Kalalou -Rasin Pwaro -Jenjanm

Preparasyon: Koupe rasin pwaro a , lave l , rache kalalou a , koupe jenjanm nan , mete tout nan yon veso. Mete dlo bouyi , aprè 5 a 10 minit , vide dlo a sou engredyan yo nan veso a , kouvri’l epi kite l frèt. Aprè mete l nan frijidè. Nan demen lè’w leve bwè yon v

Staff remèd fèy la swete’w bon rezilta e bòn gerizon, liv sa se yon konpilasyon plizyè sous de rechèch. Avan’w konsome remèd yo toujou resite Sòm 23 . Liv sa pèsòn pa otorize fè kopi li e repwodwi li Nimewo telefòn nou se : +50943480031 . Pa ezite ekri nou par Whatsapp. Mèsi paske’w chwazi remèd Fèy.