Ti Limye Sou Vodou PDF [PDF]

  • 0 0 0
  • Gefällt Ihnen dieses papier und der download? Sie können Ihre eigene PDF-Datei in wenigen Minuten kostenlos online veröffentlichen! Anmelden
Datei wird geladen, bitte warten...
Zitiervorschau

Ti limyè sou Vodou

Liv ekip chimen zansèt la ekri anba plim Carl Henry Desmornes. Epi konkou K.N.V.A. Si ou se Vodouyizan w ap konprann. Si ou pa Vodouyizan w ap kontan konprann

Illustration de James Pierre

ISBN : 978-99970-4-014-5 Dépôt légal : 13-10-366 Bibliothèque Nationale d’Haïti Tous droits réservés © Carl-Henry Desmornes Enregistré au numéro OEU-P-100000934 Bureau Haïtien du Droit d’Auteur (BHDA)

Pa pouvwa papa Loko Atisou Ak pèmisyon Atibon Legba Sou direksyon papa Danmbala Wèdo E nan non tout zansèt yo Nou di AYIBOBO. Nou vle salye de potorik gason Ki ouvri anpil baryè pou nou ak tout ayisyen De nanm chaje ak kouraj epi sajès HERA SIMON AK ATI MAX JESNÈ BOVWA

CHIMEN ZANSÈT Yon jou tankou jodi a, yon ekip inisye Vodouyizan reyini epi pran desizyon pou travay ansanm pou sosyete ayisyen an. Yo te reyalize si ayisyen met tèt yo ansanm menm jan ak 14 Dawou 1791 yo tap ka rezoud anpil nan pwoblèm yo menm jan ak 1804. Pou yo jwenn fòs ak limyè, ekip sa te antre nan yon seri priyè, pou yo jwenn wout ak direksyon. Yo jwenn yo ta dwe fè tout sa yo konnen pou aprann ayisyen kiyès li ye e kote li soti, aprann li renmen tèt li, komanse pa kilti li ak tout sa ki gen ladan li. Konsa, ekip la komanse fè emisyon sou Vodou nan radyo. Yo rele youn nan emisyon yo « Chimen Zansèt », emisyon sila vin si tèlman popilè, non an tou kole sou yo. Emisyon sa fèt chak jou sou radyo soti 10 zè nan aswè pou rive 3 zè nan maten. Nan emisyon sa, yo bay enfòmasyon sou kilti ayisyen, espesyalman sou relijyon Vodou. Yo komanse fè moun konprann se nan Vodou fòs peyi Dayiti a chita. Kòm se pa tout moun nan nanchon an ki gen chans tande radyo, ekip la wè fòk li ta ekri yon ti liv. Sitou pou sa ki lòt bò dlo yo. Se konsa yo ekri « Ti limyè sou Vodou ».

4

Ekip Chimen Zansèt la se : Carl Henry Desmornes (ougan) Elien Isac (ougan) Maxeau Bourgon (ougan, anperè) Tami Dufresne Isac (manbo) Clernise Israël (manbo) Marjorie Galiotte (manbo) Jean Claude Augustin (ougan) Jean Robert Célestin (ougan, anperè) Marie Michèle Mathieu (manbo) Gina Baptiste (manbo) Louis Isac (ougan) Anplis de sa, ekip la mete kanpe yon asosyasyon ki pou sipòte tout inisyativ Vodou ak Vodouyizan ki rele KOSOVEH ki se Konfederasyon Sosyete Vodou ak Anperè ayisyen.

Ekip CHIMEN ZANSÈT la

5

Pawòl moun ki pi gran pase nou Pou nou ka konprann sa k ap pase kote kò nou pa kapab rive ak kote je nou pa kapab wè nan kilti zansèt yo nan tan lontan, lòm te toujou santi yon gwo bezwen pou yo te òganize ti moso enfòmasyon monn envizib la bay, pou yo te rive konnen sa k ap pase nan mond sa, kijan yo te konprann fenomèn sa yo. Anvi konnen sila a, se te pi gwo enkyetid zansèt yo, se menm lide sa ki pouse travay sou orijin ansestral rit espesifik sa Vodou (Vau d’or) a fèt. Anpil rechèch sou egzistans Vodou a ki se kilti gran patriyach yo sitou Gethro te kite kòm eritaj pou Moyiz ak farawon nan peyi « Egypte » Lide sa, tankou yon litani lanati ba nou pou nou ka chèche konnen kokenn chenn mistè ki genyen nan Vodou a. Fason monn envizib la òganize l tout kote : nan fon lanmè, sou latè ak nan lespas. Nan lang franse yo rele li « cosmogonie » ki vle di ansanm konesans nou pa ka konprann e nap chèche fouye pou pote eksplikasyon, tankou : leve ak kouche solèy la, mouvman la lin nan, diferan sezon yo, mouvman planèt yo ak zetwal yo. Gwo save k ap fè rechèch sa yo rele kosmològ. Etid sa yo fè nou ap poze yon kesyon. Poukisa zansèt endyen nou yo te konn adore solèy, lalin, zetwal ak anpil lot bagay ki mete yo nan kontak pafè ak lanati ? Nou dwe toujou rete annamoni ak lanati, menm jan ansyen nou yo te konn fè. Zanmi mwen envite ou li liv sa ak zye nan lespri ou men non pa ak sa ki nan ko ou a. Mwen gade liv sa tankou yon ti lanp tèt gridap ki vin pote yon ti limyè nan yon gwo fenwa. Liv sa ap pèmèt ou konprann tou, poukisa gen yon evenman ki rive men pa yon lot, lap pèmèt ou kontwole ak itilize anpil avantaj lanati ba ou, fè ou konprann sa k ap pase ak ki sa ki lakòz anpil dezod ki gen ladan li, bagay sa yo pa gen okenn rapò ak la syans ezoterik. Lanati ban nou zouti sa yo pou pèmèt Vodouyizan pratike ansyen rityèl zansèt yo ki se Vodou. Potoprens, Dawou 2013 Yves Charles, Grand Maitre de L’Ordre. 6

Avan ou li liv sa Nap di w yon gran mèsi paske ou pran desizyon pou li liv nou ekri a. Nou di ayibobo pou sa! Nap mande w pou ouvri lespri w, sitou louvri kè w. Tanpri, bliye pandan yon ti moman tout sa ou te tande sou Vodou ak Vodouyizan. Sa va pèmèt ou konprann pi byen. Si posib chita yon kote pou kont ou, yon kote fre, ki pa gen twòp bri ou distraksyon. Si w te ka benyen epi mete pafen sou ou avan, li ta pi bon. Pran san ou, pa prese. Chak fwa ou fini li yon paj fè yon ti poze, reflechi sou sa ou sot li a. Kijan nou fè pou nou ekri liv sa a ? Liv sa se rezilta rechèch ak obsèvasyon yon ekip inisye nan Vodou. Se sa nou aprann ak sa nou wè nou mete nan liv la, se sitou sa Lwa yo mande pou nou di pou yo ak sa yo pèmèt nou devwale. Liv sa pa gen senp, wonga ak maji ladann. Ou pap konn kijan pou mare pwen ni rele Lwa nan tèt ou lè ou fini li liv sila. Nou pa ekri liv sa pou nou eseye konvèti pesonn, nou pa kwè nan retire moun sou wout li, paske sa deranje ekilib lavi li. Si ou alèz kote ou ye a, rete la. Se sa ki bon pou ou e pou lanati. Fòse yon moun oubyen yon pèp chanje wout espirityèl li, kidonk konvèti li, se pi gwo krim kont lavi ak amoni nan linivè. Liv sila ap ba ou yon bon lide sou ki jan nou menm Vodouyizan viv e sa ki enpòtan pou nou. W ap jwenn tou, bon jan enfòmasyon sou lavi, linivè epi sou tèt pa ou. Enfòmasyon ki ka itil ou tout tan pou viv nan lapè ak kè kontan.

7

Pouki nou ekri liv sa a Nou ekri liv sa a pou nou pote limyè lakonesans sou Vodou 1. Tout moun pale pou nou, lè a rive pou nou pale pou tèt pa nou. 2. Gen anpil ayisyen ki ap chèche eksplikasyon sou tèt yo, sa yo santi, ak pratik yo leve jwenn nan fanmi yo. Yo twouble paske : a) Yo fini pa reyalize yo sou yon wout ki pa wout pa yo b) Yap chèche pou yo rekonekte ak pratik zansèt yo 3. Nou vle fè tout moun konnen nou ka viv nan kè kontan e kè poze ak lanati, epi youn ak lòt 4. Chak pèp, chak moun gen 3 dimansyon, gen sa ou wè a, gen sa ou konnen an ki se eksperyans epi gen nanm ou pa wè a ki se lavi a menm. Espò ak manje jere kò a, lekòl jere lespri, epi konesans Vodou pèmèt nou viv annamoni ak lòt nanm ki nan linivè. 5. Li enpòtan pou konprann chak fwa yon aksyon pase nan mond vizib la, gen yon aksyon ki akonpaye li nan mond ki envizib la. Chak fwa ou pran desizyon fè yon bagay, espri ki akonpaye w pran dispozisyon pou ede ou  ; se djòb yo. Lè ou konprann kijan pou fonksyone ak yo, ou viv pi byen, pi dous, pi lontan. 6. Nou kwè lavi kidonk bondye ki andan nou se tankou yon limyè andan yon vè lanp. Plis vè lanp la pwop se plis li klere. Sa vle di plis nou fè byen se plis nou pwop e plis nou fè mal se plis limyè andan nou an pa ka klere.Ti liv sa ap edew fè limyè andan w lan klere pi plis.

8

Men sa ki nan liv la APRAN KONNEN VODOU I. Kisa ki Vodou a? II. Kisa ki ougan, manbo ...... ? III. Kisa ki kanzo ? IV. Kisa ki chanpwèl, Bizango..... ? V. Kisa ki Gad ? VI. Eske gen moun ki gen pouvwa espesyal? VII. Kisa ki Lougawou ???? VIII. Kisa ki Pwen ?

KWAYANS VODOU I. Kote kwayans ak pratik Vodou an sòti? II. Eske Vodou Ayiti ak Vodou an Afrik se menm bagay ? III. Sou kisa Vodou kanpe ? IV. Ki sa ki lavi ? V. Kijan lavi egziste ? VI. Pouki Bondye lavi te kreye linivè ? VII. Ki misyon nou sou latè ? VIII. Kisa ki lan mò ? IX. Eske nou ka pale ak mò ? KONESANS SOU LWA X. Kisa ki Lwa ? XI. Eske se lespri mò ki tounen Lwa ? I. Ki pouvwa Lwa yo genyen ? II. Ki kote Lwa yo abite? III. Konbyen Lwa ki genyen ? IV. Kijan mond envizib la òganize ? V. Kijan Lwa kominike avèk nou? VI. Kijan nou pale ak Lwa yo ? VII. Eske nou oblije sèvi Lwa ? VIII. Kijan moun pran Lwa ? IX. Kijan nou ka viv ak Lwa yo ? X. ki Lwa ki mache ak ki moun ? XI. Kijan Lwa reklame moun ? XII. Eske yo konn volè Lwa? XIII. Kijan ou ka rasanble Lwa fanmi ou ?

9

PRATIK VODOU I. Kijan nou pratike la fwa nan Vodou ? II. Kijan moun lapriyè ? III. Prensip ou dwe respekte lè wap lapriyè ? IV. Egzanp priyè ki ka ede ou fè priyè paw ? V. Règleman. VI. Dat ki enpòtan anpil. VII. Ben-y ak Lanp.

PAWOL ANPIL I. Pouki nou tande tout vye pawòl sa yo sou Vodou ? II. Eske gen sakrifis ak manje moun nan Vodou ? III. Pouki yo di Vodou touye anpil moun ? IV. Vodou nan listwa ak politik.

10

11

APRAN KONNEN VODOU

Kisa Ki Vodou an? Nan youn nan lang zansèt afriken nou ki se lang « fon », Vodou vle di rechèch nan lenkoni. Nan yon lòt lang ankò nou jwenn Vodou vle di : adorasyon espri. Gen chèchè mistik ki di Vodou egziste avan lèzòm, se zouti sakre Bondye te itilize lè li tap kreye linivè. Konsa tou, gen lòt chèchè ankò ki di Vodou se maji, se konesans sekrè ki gen nan lanati. Nou jwenn Vodou se fason pèp ayisyen chwazi pou li eksplike tout bagay nan linivè tankou :  Kisa ki sous lavi a.  Kote moun sòti.  Kote moun prale.  Eske nou pou kont nou Vodou, se fason pa nou ayisyen viv nan kè kontan ak kè poze avèk tout sa Bondye lavi a kreye. Vodou òganize an sosyete e li gen tout règleman ki fè li yon relijyon : relijyon pèp ayisyen Kijan Vodou an òganize ? Vodou gen anpil sosyete, chak sosyete fè pati youn nan 21 nanchon yo, ki se konsa nou rele tribi ki te soti an Afrik yo. Chak sosyete gen nan tèt li yon ougan, manbo oswa yon sèvitè. Menm lè yo tout endepandan e yo òganize tèt yo fason ki bon pou yo, chak sosyete toujou gen moun sa yo :  Ougan/manbo/sèvitè/sèvitèz • Se yo ki dirije lakou a. Jan yo konn di a, yo fè e defè  Wonsi/laplas/hongènikon/hountògi/manman ounyò, konfyans kay • Yo se asistan ougan ak manbo yo. Yo chak gen travay pa yo nan lakou a

12

Chak sosyete chita nan yon peristil ki se kote popilasyon an reyini pou diskite bagay ki konsène yo. Se la tou, yo fè lekòl oubyen trete moun lè yo malad. Peristil la sèvi tou pou anpil lòt aktivite sosyal, tankou, dans, maryaj ak lantèman. Men sa ou ta sipoze jwenn nan tout peristil :  Yon poto mitan. • Se yon gwo poto ki nan mitan peristil la. Se sou li tèt peristil la chita. Li gen yon wòl mistik tou, se li ki fasilite koneksyon avèk espri yo. Wap wè li toujou gen danbala ak ayida wèdo sou li.  Youn oswa plizyè kay lwa, se selon gwosè peristil la.  Kote moun ka chita.  Kote pou tanbourinè yo chita epi jwe.  Kote pou wonsi yo chante ak danse. 13

Se nan yon kay sakre yo rele badji, yo fè travay mistik. Se la ougan ak sèvitè resevwa moun ki gen bezwen Lwa yo. Vodou pa gen yon moun alatèt li k ap dirije e k ap bay tout moun lòd, nou pa kwè nan sa. An menm tan, plizyè sosyete gwoupe yo an asosyasyon pou yo defann dwa yo nan sosyete a. Gen anpil asosyasyon konsa. Pami yo, gen plizyè ki chwazi yon reprezantan pou al diskite pou yo avèk leta epi lòt òganizasyon. Yo rele reprezantan sa ATI. Premye moun nou nonmen ATI nasyonal rele Max Bovwa. Nan tradisyon zansèt afriken yo, tribi yo te toujou genyen yon ansyen granmoun kote tout moun ale pou pran konsèy. Eksperyans nan tèt li, fè yo toujou konsilte li lè yap pran desizyon, gwo kou piti. Nou rejwenn pratik sa nan vodou. Chak zòn nan peyi a gen yon ansyen saj ki sanble konn tout bagay, se li ki memwa zòn la. Nou rele li Ogonoun, avan li mouri li toujou prepare yon lòt pou pran plas li. Kisa ki yon ougan oubyen yon manbo ? Ougan, ougan makout, manbo, sèvitè lakou, sèvitèz. Tout se moun Lwa yo chwazi bay konesans pou ede moun :  Ougan ak manbo se sèvitè ki òganize tèt yo pou pwoteje sekrè mistik pou malfektè pa sèvi ak yo. Pou rive ougan oubyen manbo ou dwe sibi inisyasyon. Lè sa yo di ou « Asogwe ». Ki vle di ason nan men w.  Ougan oubyen manbo makout se moun Lwa yo chwazi tou men ki pa fè pati okenn gwoup inisye. Yo gen yon travay enpòtan yo fè paske yo mache nan tout bwa ap bay popilasyon an sévis.  Gen plizyè rit inisyasyon, chak rit rele sèvitè yo jan pa yo. tout ap fè menm travay la. Nou gen bòkò tou, ki se yon lòt bagay. Gen ougan ak manbo ki bòkò tou.

14

Kanzo

 Bòkò fò nan maji ki se yon syans, yo konn anpil sekrè yo resevwa nan men granmoun yo.  Yo konn kijan pou yo sèvi ak fòs ki nan linivè pou yo fè tout kalite mirak. • Yo konnen kijan pou yo mare pwen : o Pwen se yon bagay bòkò fè ki bay moun pouvwa tout moun pa genyen. Gen tout kalite pwen, se selon sa ou bezwen regle. o Syans bòkò pran anpil tan pou aprann epi li danjere  Bòkò gen gwo responsabilite devan lanati, se pou sa lè yo fè dezòd ak konesans yo, Lwa yo pini yo trè di.

Lè yon Vodouyizan chwazi reponn wi a reklamasyon Lwa yo, li dwe sibi inisyasyon pou li vini Kanzo, ougan, manbo oubyen sèvitè. Gen plizyè rit li ka chwazi pou li inisye, tankou deka oubyen rada. Lè yon moun kanzo, li pase eprèv dife sou rit rada.

15

Kisa ki chanpwèl ? Lè blan yo tap bwote esklav yo sòti an Afrik, se pa tout ki te nèg dousman. Genyen ladan yo ki te lwijanboje, nèg danje ki pat jwe. Lè nèg sa yo rive Ayiti, yo pat rete esklav twò lontan. Byen vit yo te jete yo nan mòn kote yo te jwenn ak yon ekip endyen endijèn ki yo menm tou pat nan rans. Listwa rele nèg sa yo « mawon ». De nan pi gwo chèf nou konnen, te rele Makandal ak Byasou. Pou yo te ka goumen ak kolon blan yo, mawon yo te òganize tèt yo an gwoup nou vin rele sosyete. Pou sekirite sosyete yo ak moun ki te fè pati yo, yo te fonksyone anba anba, se pou tèt sa yo pote non « sosyete sekrèt », nou pito rele yo sosyete sakre. Yo pote plizyè non tankou « chanpwèl, Bizango, vlenbendeng, konvre, zobop» elatriye.

Sosyete sa yo te goumen tout vis tout kondisyon. a. Taktik geriya yo aprann nan men endyen yo. b. Fèy nan bwa pou yo fè pwazon ak gerizon. c. Bèt sovaj yo te drese pou atake blan yo. d. Taktik sikolojik pou yo fè blan yo pè epi kouri. a. Krim ak asasina espektakilè. b. Egzaksyon, kadejak sou blan ak pitit yo. c. Zak estraòdinè blan yo pat ka eksplike. e. Tout kalite maji. a. Yo te melanje maji endyen yo ak maji Afrik ki te fè yo vin fò anpil. i. Yo te reyisi jwenn anpil sekrè, nou pa gen dwa eksplike la a. 16

Nou ka konsidere sosyete sa yo tankou kòmando sekrè tout lame modèn genyen kounye a. Se domaj lame oubyen lapolis lakay pat rive jwenn yon jan pou itilize yo. Jis kounye a, menm lè lagè fini, sosyete sa yo la toujou. Kisa nou rele Gad ? Gad se yon pwoteksyon nou ka bay moun, gen plizyè kalite :  Li konn yon espri nou bay responsabilite pou li veye sou yon moun lannwit kou lajounen.  Gen de lè tou, se fòs nou aktive nan lanati pou ede moun.  Se moun nan ki gen responsabilite pou li okipe gad li.

17

Eske gen moun ki gen pouvwa espesyal? Gen talan lanati ba moun, ki pèmèt li fè bagay anpil lòt moun pa ka fè oubyen ki pèmèt li fè yo pi byen. Nou rele talan sa yo don oubyen pouvwa.  Gen don moun admire tankou • Don atis (chante, ekri bèl mizik, penti...) • Don espò (jwe foutbòl, kouri...)  Genyen tou ki fè moun pè, sitou lè yo pa konprann oubyen lè yo twò pwisan : • Gen moun ki gen don pou yo kominike ak lòt bagay ki nan linivè • Gen lòt ki gen don pou yo fè nanm yo vwayaje, nan dòmi kou je klè • Genyen ki gen don pou yo wè espri

Don sa yo vini ak gwo responsablite paske moun ki genyen yo ka chanje lavi anpil moun. Moun ki jwenn chans sa, dwe pran anpil prekosyon pou yo itil linivè. Yo dwe pran dispozisyon pou yo aprann kontwòle li epi pa kite li vire lòlòj yo. Lougawou Kwayans sa yo soti nan pati zansèt blan yo. Nou pa fin tèlman konnen si se lougawou oubyen vanpi. Dapre kwayans lan, gen moun ki gen pouvwa pou yo transfòme epi vole tankou zwazo, yo di yo konn manje ti moun, koze sa pa chita nan Vodou. Nou menm nou poko janm wè sa ak je pa nou Zonbi Yon zonbi se yon kò kote nanm ki te ladan li pa gen kontwòl li ankò. Pa melanje li avèk moun yo bay pwazon andòmi. Baka Se sa nou rele yon kò ki pa gen nanm e yo anime, li ka nenpòt bagay, li tankou yon robo ou dirije. 18

Pwen Se resèt majik, bòkò ki konn itilize fòs lanati ka ba moun. Resèt sa yo pèmèt ou fè plizyè bagay ou pa tap ka fè pou kont ou. Gen pwen pou tout kalite sitiyasyon. Gede Se konsa nou rele nanm ki an transit. Lè nanm nan kite kò a li fè yon tan an transit nan pirifikasyon. Lè sa li chèche ede moun pou li ka avanse sou wout li Konnen pa gen anyen ki enposib nan lanati E maji se sa ou poko konprann lan

19

KWAYANS VODOU Kote kwayans ak pratik Vodou sòti ? Pi fò kwayans Vodou vini Ayiti avèk nèg ki sòti an Afrik blan te mennen pou yo te vin sèvi kòm esklav.  Tout nèg sa yo pat soti menm kote paske Afrik se yon gwo gwo kote.  Esklav yo te soti nan plizyè tribi diferan, se yo avèk nèg kreyòl ayisyen yo ki vini bay 21 nanchon Vodou a. • Dahonmen, Ibo, Kongo, Arada, Mondong, Ouolof, Salengro, Mahi, Dereyal, Banbara, Bizango, Kita, Nago, Wangol, Mazone, Mousoundi, Krabiyen, Zando, Anmin, Baoule epi Petwo  Pi fò te gen menm kwayans oubyen yo te sanble anpil. Lè yo vini Ayiti yo jwenn avèk endyen endijèn yo ki te premye mèt tè a epi yo wè se te menm kwayans yo te genyen tou.

20

Eske Vodou Ayiti a ak Vodou Lafrik la se menm bagay ?

Vodou Ayiti ak Vodou Lafrik la pa menm bagay.  Menm lè yo sanble anpil, chak tribi afriken te gen kwayans pa yo.  Vodou nou gen isit se yon melanj tout sa ki te soti an afrik yo plis kwayans endyen endijèn yo avèk kèk kwayans kretyen yo te fòse nou pran, sitou katolik la.  Jou ki te 14 Dawou 1791 lan, sou direksyon Duti Boukman tout tribi sa yo, plis endyen endijèn yo ak plizyè kretyen ki pat dakò ak sistèm esklavajis la, te deside pou yo te mete tèt yo ansanm. • Pami lòt angajman yo te pran, yo te sèmante pou yo respekte kwayans chak moun menm lè yo te vle fè yon sèl pèp. • Se apati jou sa tou, yon ekip Lwa dakò pou yo vini ede nou jwenn libètè. Lwa tankou mètrès tè a, Ezili Dantò ak Ogou Feray. • Se jou sa pèp ayisyen pran nesans. • Jou sa tou rit Petwo te kreye pou nou te ka fè lagè libète. • Nèg ki te rete an Afrik yo pa benefisye melanj sa.

21

Sou kisa Vodou an kanpe ?

Vodou kanpe sou twa prensip. 1. Tout lavi gen yon sèl sous. • Sa vle di tout sa ki vivan konekte ansanm e yo aji youn sou lòt. Depi ou aprann koute epi ou aprann langaj inivèsèl, pa gen anyen ki gen lavi ou pap ka kominike avè l. 2. Tout lavi gen menm fòs. • Lavi se youn, li gen menm fòs tout kote. Nou dwe respekte epi pwoteje li tout kote nou kwaze ak li. i. Pi gwo erè nou menm lèzòm ka fè, se lè nou kwè lavi pa nou pi enpòtan pase pa zòt. ii. Nou bay tèt nou manti lè nou di Bondye ba nou misyon pou nou domine latè. Epi nou sèvi ak tout bagay kòm restavèk nou. 3. Sous lavi a te toujou la e li ap toujou la, se li ki Bondye a.

Lavi pat jan m komanse ni li pap janm fini. Li toujou la. Ki vle di, menm lè bagay li te abite a tankou bèt, pye bwa, moun e latriye mouri, lavi ki te ladan li toujou ekziste. Poukisa Bondye lavi a te kreye linivè ?

Moun oksidantal modèn si tèlman arogan e frekan, li kwè tout sa ki egziste se pou li e se li ki pi enpòtan. Men se pa sa di tou. Bondye lavi a te kreye lòm ak tout linivè pou lavi a te ka jwenn kote pou li abite epi grandi. Konsa nou jwenn lavi ekziste tout kote nan linivè e sou tout fòm. Gen jan lavi ekziste nou poko janm wè e nou pa menm ka imajine.

22

Kisa ki lavi ? Lavi a se fòs ki fè tout bagay grandi epi evolye.  Tout lavi fè youn, menm jan ak lanmè, ki vle di li se menm nati tout kote menm lè li sanble diferan chak kote.  Lavi se kòd ki mare linivè ansanm.  Lavi fè youn avèk Bondye.  Bondye a se lavi. Kijan lavi antre nan yon bagay? Se bondye lavi a ki se mèt tè, mèt dlo, mèt dife, mèt van ki chwazi kibò lap mete lavi.  Nou konnen li mete li nan pye bwa nan bèt ak nan moun.  Nou kwè li mete li nan lòt bagay tankou solèy, zetwal ak planèt yo.  Nou kwè tou li mete lavi nan anpil lòt fòm nou pa ka wè tankou Lwa yo. Kisa ki misyon nou sou latè ?

Misyon nou an pa twò konplike : Nou dwe pwoteje lavi Bondye ba nou responsab la epi ede li fè wout li. Bondye mande tout sa li bay lavi yon sèl bagay. Pwoteje lavi :  Pwoteje sa ki sou responsabilite ou : • lavi pa ou, pa pitit ou, pa fanmi ou ak pa sosyete a  Pwoteje tout lavi kelkeswa kote ou jwenn ak li • Menm lè kò a mouri misyon lavi kontinye. Li toujou bezwen èd ak pwoteksyon.

23

Kisa ki lanmò ? Sa moun rele lanmò a se lè kò a oubyen nenpòt ki lòt fòm sispann fonksyone e pa ka sipòte lavi ankò. Lè sa lavi soti e li kontinye wout li. Tout bagay nan lanati ka mouri, sòf lavi. Gen lè tou se lavi a ki kite kò a lè misyon li fini. Lavi a kontinye san kò, men kò a pa ka kontinye san lavi. Eske nou ka pale ak mò ? Lè nanm lan kite kò a, li fè yon tan pou li pirifye tèt li avan lòt misyon li an, Pandan tan sa, li disponib pou li ede nenpòt sa ki gen bezwen li e fè yo pwofite eksperyans li. Yo pat bezwen fanmi pou sa. Se nanm sa yo nou rele gede nan Vodou a Nanm lan sonje tout kote li te pase, e tout eksperyans li te fè. Moun ki apran koute, ka kominike ak nanm sa yo. Ou menm tou, lè ou pale yo tande. Nanm yo bezwen èd paske gen bagay yo pa ka fè pou tèt yo. Yo bezwen eneji tou. Se pou sa nou menm nan Vodou, nou jete dlo ak kafe pou yo. Nou fè manje pou yo tou epi nou ba yo chans pou yo make pwen sou wout yo. Chak fwa yon nanm ede nou, li make pwen anplis

24

LWA Kisa yon Lwa ye? Lwa se youn nan manifestasyon lavi. Se pa tout moun ki gen pouvwa ak konesans pou wè ak tande yo. Lwa yo se yon fòm trè trè evolye ki pèmèt lavi ki abite li sèvi ak tout pouvwa li Lwa pa gen anyen pou wè ak sen katolik, sa se yon manti ki te itil esklav tankou kolon: esklav yo te di sa pou yo te sispann pran baton, kolon yo menm se pou yo te ka di legliz yo te reyisi nan misyon pou yo te konveti esklav yo. Chak Lwa gen yon vèvè.  Yon vèvè se tankou yon adrès, yon kle nou sèvi pou rele Lwa oubyen mande li asistans.  Lè ou trase yon vèvè, ou kreye yon espas kote Lwa ka manifeste. Lwa viv nan yon lòt dimansyon, lè ou trase vèvè li, ou pèmèt li jwenn kèk nan kondisyon kote li abite a  Vèvè dwe trase avan chak seremoni. Eske se lespri mò yo ki tounen Lwa ? Pa tout tan, nanm lavi ki te nan yon moun ou nan nenpòt ki lòt fòm ka grandi epi li ale viv nan yon Lwa.  Li enpòtan pou konprann lavi nou rele nanm lan, ki fè pati de Bondye, ka antre kote li vle. Tout lòt bagay ki vivan yo se kò vizib ou envizib lavi rete ladan yo pou yon tan.

25

Ki pouvwa Lwa yo genyen ? Lwa gen tout pouvwa lavi genyen nou poko fini konprann.  Yo gen kontwòl sou tout sa ki egziste.  Yo gen pouvwa ak responsabilite pou yo òganize linivè.  Yo gen pouvwa ak responsabilite pou yo pwoteje lavi epi ede li sou wout li.  Yo gen pouvwa ak responsabilite pou yo ede nou lè nou fè apèl ak yo. Ki kote Lwa yo abite? Lwa yo gen posibilite pou yo viv tout kote nan linivè a. Yo abite nan lanati menm kote avè nou. Sèlman yo nan yon espas ki pa materyèl. Nou rele espas Lwa yo rete a mond envizib, oubyen « gedefre ». Lwa yo viv e òganize tèt yo menm jan ak tout lòt manifestasyon lavi. Yo gwoupe tèt yo an sosyete e yo fonde fanmi tou. Menm jan nou menm nou gen plant ak bèt nou renmen e nou chwazi okipe, gen fanmi Lwa ki chwazi nou menm moun pou yo okipe. Chak moun gen pou pi piti 3 Lwa k ap voye je sou li : Nou rele yo « Lwa mèt tèt » Chak pèp gen fanmi oubyen eskòt Lwa ki ap ede li. Se sa moun save rele « egregò». Chak mòso tè gen ekip Lwa pa li ki abite li. Lwa renmen repoze nan pye bwa, nan dlo ak nan van. Dife tou.  Tout kote ou jwenn sous dlo, kaskad oubyen letan, gen fanmi Lwa ki rete la. Nou rele yo mèt dlo.  Gen fanmi Lwa tou nan gwo pye bwa, tankou mapou ak figye. 26

Konbyen Lwa ki genyen? Menm jan gen anpil plant ak anpil bèt epi anpil moun, gen anpil Lwa.  Nan kontak Lwa gen ak pèp ayisyen, nou vin zanmi avèk kèk Lwa. Men sa yo konnen plis yo. • Ezili, Azaka, Ogou, Danmbala, Marasa, Bawon, Agwe, Agawou, Loko, Simbi, La Sirèn ak anpil lòt ankò. • Si ou vle konnen plis sou Lwa, ou ka pale ak yon Ougan oubyen yon Manbo, l ap ede w jwenn Lwa fanmi ou.  Gen Lwa ki soti an Afrik avè nou. Genyen nou vini jwenn sou tè sa, genyen ki te vini ak blan yo. Chak gwoup moun ki vini Ayiti vini ak eskòt Lwa pa yo tou. Se konsa nou vini gen Lwa arab ak Lwa azi. Kijan mond envisib la òganize ?

Li mande anpil sajès, anpil egzèsis espirityèl pou rive nan nivo pou konprann mond envizib la. Sèl sa nou ka di ou :   Se la lavi rete lè li pa nan kò, e se la lòt fòm lavi nou pa ka wè yo rete tou.  Li gen règleman ki dirije li menm jan ak tout kote. Kijan Lwa kominike avèk nou ?

Lwa kominike jan ki pi fasil pou li :  li ka vin pale nan domi.  li ka vini nan vizyon.  li ka chwazi nenpòt moun pou pote yon komisyon pou li.  li konn sèvi ak bèt oubyen plant pou fè travay li.  Li ka itilize tout sa ki nan lanati pou fè pase mesaj li tankou Dlo, Van, Dife, Lapli elatriye. 27

Kijan nou menm nou ka pale ak Lwa lè nou bezwen yo ?

Li trè fasil pou pale ak Lwa :  Ou pale menm jan ou ap pale ak nenpòt ki moun, yap tande ou.  Ou ka pale nan kè ou, yap tande ou.  Lè ou limen yon balèn oubyen yon lanp, li pi fasil toujou. Flanm dife se tankou yon telefòn pou yo.  Si ou vle gen kontak pi dirèk ou ka ale jwenn yon gid (ougan, manbo, sèvitè lakou oubyen sèvitèz), l ap ka rele Lwa pou ou nan tèt li, oubyen sou govi. • Yon govi se yon krich nou monte sou règleman yon fason pou nou pale ak espri. Ou ka rele Lwa tou lè ou trase vèvè li.



Kijan nap konnen lè yo reponn ?

Lwa yo ap toujou reponn men fòk nou atantif, fòk nou aprann koute.  Fòk nou louvri zye nou, louvri zòrèy nou sitou louvri kè nou.  Yo ap vin nan rèv nan vizyon. Lè nou jwenn sa nou te mande a. Lè sa a sonje pou remèsyel. Pouki sa nou oblije sèvi Lwa ? Pa gen oblije nan Vodou. Lwa pa fòse moun sèvi yo. Lwa renmen nou trete yo an zanmi, an fanmi paske se konsa yo renmen nou.  Yo kontan lè nap fè fèt nou envite yo.  Yo kontan lè nap manje nou pataje avèk yo.  Yo renmen lè nou fè yo santi nou konsidere yo.  Yo renmen nou di yo mèsi lè yo ede nou.  Tankou tout bagay ki vivan, Lwa yo renmen 28

atansyon. • Menm jan ou okipe plant ou renmen oswa yon bèt ou renmen, okipe Lwa ou renmen.

Kisa ki rive lè moun pran Lwa ?

Gen dèfwa, lè ou ap lapriyè oubyen medite, ou rive vin annamoni avèk yon Lwa. Se kòmsi ou vin sou frekans Lwa a. Menm jan lè ou mete yon aparèy radyo sou frekans yon estasyon.  Lè sa, jan ou wè estasyon jwe nan aparèy la, Lwa a pase sou ou e ou vibre avèk li.  Lè sa ou vin gen yon ti kal nan pouvwa Lwa sa. Sa pèmèt ou fè gerizon ak anpil lòt bagay.  Gen moun ki pa janm ka pran Lwa. Se yon ti frison sèlman yo santi lè Lwa vini. Gen lè tou, nan dans pandan tout moun ap chante, (ki se jan nou lapriyè) kote a vin annamoni avèk Lwa ou tap chante pou li a. Lè sa, Lwa vini epi tout moun ki annamoni ap santi Lwa sou yo. Ou ap wè lè sa, fòs la pa menm paske se te rejwisans ki tap fèt. Lè fòs Lwa pase sou ou, si ou pa antrene w ap gen difikilte pou kontwòle kò ou. Fòk nou fè atansyon paske gen anpil moun se estera yo ap fè, gen chalatan tout kote.

29

Kijan pou nou viv ak Lwa yo ? Relasyon mèt- esklav pa dwe egziste nan mitan moun ak Lwa.  Nou ka tankou manman ak pitit, frè ak sè, mouche ak madanm  Nou ka tankou asosye nan biznis oubyen zanmi. Viv ak Lwa menm jan nap viv ak nenpòt ki moun  Mande li ale avèk nou tout kote nou prale  Envite li pataje sa nou ap manje  Mande li konsèy  Sonje sèlman ou pa ka bay Lwa manti. Lwa yo renmen viv bò kote moun.  Ou ka ba li yon chanm kay.  Si ou pa gen mwayen ou ka ba li yon ti kwen kay, yon ti bwat.  Ou ka menm chwazi yon pye bwa nan lakou w pou ba li rete.  Kèlkeswa sa ou ba li a pran swen li, kenbe li pwòp. Yo pa renmen salte. Pa bliye, Lwa yo la pou ede nou, men fòk nou mande. Si nou pa envite yo, yo pap antre nan zafè nou. Lwa pa deranje jan moun viv, yo pa gen dwa sa, yo sipoze ede moun viv annamoni. Yo gen dwa akonpaye nou nan desizyon nou, yo pa gen dwa pran desizyon pou nou. Si gen ladan yo k ap fè dezod, nou ka pote plent pou yo. Okipe Lwa se yon gwo responsabilite, pa fè li si ou pa serye. Lwa viv pi lontan pase nou, kidonk ou pwale kite li. Prepare yon moun ki pou okipe li avan ou mouri, oubyen mete li yon kote tankou sous dlo, rivyè, ou lanmè avan ou ale. Kisa Lwa manje ? Lwa manje sa ki nan manje a ou pa ka wè a.  Chak Lwa gen manje li renmen e li gen jan li renmen yo kwit li pou li.  Manje Lwa pa chè, yo manje manje ki soti nan tè a, tout Lwa renmen manje peyi kote yap viv la. Yo pa nan anyen ki twò konplike, ba yo bagay natirèl sèlman. 30

Bay Lwa manje pa vle di fè dans.  Ou gen dwa nan manje w ap manje chak jou a, ou retire pa li pou li.  Lè ou ranje kouvè pou li sou menm tab avè ou, li pi kontan.  Ou gen dwa tou se nan plat pa w la ou ba li goute, li pap nwi.  Tanzantan, ou ka fè fèt pou li, yo renmen sa paske lè konsa yo envite lòt Lwa parèy yo vini fete vini banboche.

Kijan nap konnen ki Lwa pou nou chwazi ?

Chak moun gen Lwa pa li ki deja la pou li. Ou gen dwa chwazi tou nenpòt lòt Lwa ou renmen.  Chèche pami Lwa yo sa ki pi sanble avè ou epi di li ou vle zanmi li.  Ou gen dwa mande pou Lwa ki renmen ou pou li manifeste. Gen de lè tou se Lwa ki chwazi yon moun pou travay avè li. Lè sa yo di li reklame li. Kijan Lwa reklame moun ? Lwa pa reklame moun konsa konsa. Gen plizyè rezon ki fè yon Lwa reklame moun.  Dabò lè Lwa reklame ou se pi gwo benediksyon ou te ka jwenn  Lwa reklame ou lè li wè lakay ou, yon moun ki ka ede li fè travay Bondye lavi a.  Lwa reklame ou tou lè lavi dirije li pou li ede ou fè travay ou te vini pou fè sou latè.  Ou gen dwa refize men lè konsa ou ka rate misyon ou te vini fè sou latè a. Lè Lwa ap reklame ou, li vini pale avè ou kare kare.  Oswa li ap vini nan rèv ou.  Oswa li ap vini pale avè ou nan bouch yon lòt moun.  Li pap voye komisyonè pou fè travay sa. 31

Eske nou oblije mande Lwa yo ede nou ? Non, nap di sa ankò pa gen oblije nan Vodou. Bondye lavi a kite nou lib e libè pou nou mennen vi nou e akonpli misyon nou. Sèlman kòm li konnen travay la pa fasil, li mete èd disponib pou nou. Eske yo konn volè Lwa? Pa gen nesesite pou sa. Lwa gen pouvwa pou li separe tèt li pou li itil tout sa ki bezwen, kèlkeswa valè a. Lwa pa pou peson e poutan li pou tout moun. Pesòn pa ka posede yo, e poutan tout moun ka sèvi ak yo. Kijan pou mwen rekonekte ak Lwa ki te nan fanmi m ? Eskòt Lwa ki mache avèk yon fanmi toujou la, yo pa janm fè wonn pòt. Lè ou chwazi pa okipe yo, yo fè silans. Si yon fanmi pèdi kontak ak Lwa li paske yon jenerasyon te chwazi rejete, nenpòt kiyès nan fanmi a ki vle ka reprann relasyon ak Lwa yo.  Dabò fòk ou chèche konnen kiyes Lwa ki mache ak fanmi ou • Ou ka mande yon ansyen nan fanmi a enfòmasyon sa • Ou ka mande Lwa yo pou yo manifeste : o Limen yon balèn blan chak swa pandan 9 jou bò kote yon kivèt blan plen dlo. Avan ou domi, wap mande pou yo vini visite ou. Domi pou kont ou ak kivèt la bò tèt ou. Depi 9h fòk ou deja benyen epi kouche, Lwa pa mache ta jan nou konprann lan. • Ou ka tou ale kay yon gid k ap ede ou idantifye Lwa fanmi ou  Lè ou fini refè konesans ak Lwa ou yo, ou ka envite yo vini manje ak ou. Sa ka fèt an prive, konsa tou si gen mwayen ou ka fè yon dans. 32

Epi tou, ou ka komanse fanmi pa w ak eskòt Lwa pa w.  Komanse pa envite Lwa ou renmen vini lakay ou. • Limen lanp li • Sèvi manje pou li • Mete koulè li renmen sou ou  Pa envite yon pakèt Lwa ansanm tout swit, envite yo youn apre lòt

33

PRATIK VODOU

Kijan yon moun pratike la fwa Vodouyizan a ? Vodou se tankou yon gwo lakou, ou ka antre soti ladan li lè ou vle. Li mande sèlman pou respekte tout sa ki egziste ladan li. E sa ou wè, e sa ou pa wè. Vodouyizan mache sou prensip sa yo  viv annamoni e respekte tout sa ki nan lanati menm lè ou pa wè yo.  ou gen dwa itilize tout sa ki genyen nan linivè, men pa gaspiye, se derespektan.  respekte lavi e ba li pwoteksyon tout kote li ye e sou nenpòt ki fòm li parèt. Pa bliye, depi li egziste se swa li vivan, swa li gen yon vivan ki abite li.  dakò tout sa ki nan linivè gen menm enpòtans.  dakò ou pa ni pi bon ni pi mal pase lòt bagay Bondye bay lavi.  Pa deranje anyen sou wout li. • Bondye lavi a pran san li pou li bay chak moun ak chak pèp libète pou li chwazi wout li. • Pèsonn ni okenn pèp pa gen dwa chanje wout yon lòt, kòmsi se travay bondye lap fè. • Lavi pran fòs lè li fè eksperyans nan kò ak fòm diferan.  Chèche konprann wòl ou nan lanati Gen pratik ak abitid ou dwe pran pou jwe wòl oubyen kòm Vodouyizan, tankou :  Jete dlo atè oubyen nenpòt ki lòt bwason, sa montre ou rekonèt egzistans tout sa ou pa wè nan linivè  Lè kè ou kontan w ap fete, envite lòt fòs lavi ki nan linivè vin fete avè ou. Sa montre ou apresye travay yo.  Lè ou nan difikilte mande lòt fòs lavi yo èd. 34

Sa pèmèt yo reyalize misyon yo.  Pran ka tout sa ki gen lavi ladan li. Sa va pèmèt ou pwogrese. • Okipe plant ak pye bwa • Pwoteje sous dlo • Pran ka bèt, pa maltrete yo. • Adopte yon Lwa. • Bay Bondye lavi a glwa ak respè. Vodou pran angajman pou li akonpaye e pwoteje lavi tout kote li ye. Lè ou se Vodouyizan ou gen menm responsabilite sa

35

Kijan ki kote Vodouyizan lapriyè ? Vodouyizan pa lapriyè menm jan ak lòt moun  Nou pa resite yon ekip pawòl tou pare  Se pale nou pale ak Lwa yo oubyen nenpòt ki lòt bagay k ap viv nan lanati • Nou ka fè sa nenpòt ki lè, nenpòt ki kote  Lè nou gen bezwen yon Lwa, nou rele li epi nou chita pale avèk li Lè se fèt yon Lwa oubyen lè nou ap di li mèsi nou fè dans pou li. Lè sa nou envite li nan yon peristil pou nou ka resevwa li kòmsadwa, selon règleman. Nou envite lòt Lwa ki zanmi li e nou pote kado pou li tou. Se sak fè dans yo long. Paske nou dwe salye chak Lwa selon règleman li ak grad li. Lè nap fè demand, nou fè liminasyon ki se yon sèvis espirityèl.  Liminasyon se lè nou limen lanp, balèn pou Lwa selon yon règleman espesyal. Se ladann nou fè demand ak pwomès.  Liminasyon ka fèt nenpòt ki kote, men fòk gen yon moun ki konn règleman ki pou dirije li  Liminasyon dwe fèt jou fèt Lwa a oubyen jou Lwa a nan biwo li • Chak Lwa gen jou pou li resevwa demand. • Tout Lwa disponib nan dat espesyal yo. • Si gen ijans ou ka mande pasaj.  Selon enpòtans sèvis la, liminasyon ka fèt avèk kèk piti oubyen anpil moun. Si ou aprann règleman yo, ou ka fè liminasyon pou kont ou lakay ou. 36

Prensip ou dwe respekte lè wap lapriyè Enpòtan, lè wap fè ofrand pou dans oswa priyè toujou bay sa ki soti sou bitasyon zansèt nou yo. Pa ofri anyen ki soti lòt bò dlo. 1. Bon lè pou lapriyè se lè solèy ap leve, midi, lè solèy ap kouche epi minwi. 2. Pa lapriyè lè ou an kòlè 3. Flanm dife enpòtan, fè tout efò pou limen balèn bouji oswa lanp. 4. Alkòl fasilite kominikatyon ak Lwa sitou lè li boule : a. Fè posib pou gen yon boutèy kleren oswa wonm, wouj ou blan b. Sèvi ak bwason ki soti menm kote ak Lwa a oubyen lokal. 5. Si ou te fè yon moun yon bagay ki mal, mande padon avan ou komanse. Li ta pi bon si se moun lan menm ou mande padon. 6. Pa janm mande mal pou anyen ni pesonn. 7. Pa janm mande pou tire revanj. 8. Reflechi byen avan ou reklame jistis : a. Jistis chèche e jwenn ekilib, li pap pou ou sèlman men pou tout moun ou te fè ditò tou. 9. Sonje, Lwa ka ede ou, li pa ka fè pou ou. 10. Prepare tèt ou ak kote ou pral lapriyè : a. Benyen avan ou lapriyè, pandan w ap benyen, pale ak dlo a mande li pwòpte ou deyò kou andan b. Mete pafen sou ou, yon pafen Lwa renmen oubyen youn ou vle fè li kado c. Met rad blan oubyen koulè Lwa a. Pinga ou ale tou ni oubyen dekòlte devan Lwa. d. Pwòpte kote ou pral lapriyè a  Wouze li ak dlo fèy santi bon, (bazilik, zoranj, vetivè, sitwon, mant, tibonm) fèy ki nan jaden w.  Boule ansan selon règleman priyè ou pral fè a 37

Genyen priyè espesyal nou fè ak Lwa nou rele liminasyon, ou ka fè li pou kont ou, men li pi bon lè ou fè li ak 5 ou 7 moun. Peristil fè liminasyon an kominote lè jou Lwa a, se li ki pi bon  Priyè liminasyon fèt ak balèn sakre, bouji, tèt gridap oswa mèch  Selon règleman li ka fèt ak 5, 7 oswa 21 mèch  Mèch la dwe limen ak lwil doliv oubyen lwil Lwa a.

38

Men kèk priyè ki ka enspire ou (Pa bliye, pi bon lapriyè se sa ou ekri ou menm) Priyè lavi Priyè pou bay bondye glwa Limen balèn blan oubyen lanp lwil doliv, resite priyè sa chak jou

Bondye lavi a mwen di ayibobo pou ou Ou ki mèt tè, mèt dlo, mèt dife, mèt van Mwen vini devan ou jodi a Voye je gade mwen epi pran ka mwen Mwen mande ou eskiz pou tout sa mwen ta fè ou pa renmen E mwen mande pou mete padon,sajès ak lanmou nan kè mwen Ede mwen respekte ak pwoteje lavi tout kote, tout tan Ban mwen fòs ak kouraj pou mwen ede sila ki pi fèb yo Pa kite pouvwa ak richès vire lòlòj mwen E tanpri pa kite mwen peri anba mechan yo Ago agosi agola.

40

41

Priyè Zantray Priyè patriyòt ayisyen Hera Simon te ekri Resite chak jou

Mwen se ayisyen Nèg ki soti nan zantray lafrik ginen Nèg yo bwote vini nan peyi dayiti Mwen mele san mwen ak endijèn ki te premye mèt tè a Mwen mele san mwen ak blan ki te vini fè nou tout esklav Mwen se ayisyen Moun ki fèt avèk kò, ki fèt avèk nanm, ki fèt avèk bon zanj Oloum, pa pouvwa li Ban mwen responsabilite pou mwen mennen respekte ak jwi Tout sa mwen ka wè ak tout sa mwen pa ka wè sou latè a Sou kontwòl ou menm Oloum Ki mèt tè, ki mèt dlo, ki mèt dife, ki mèt van Se gras a ou nou menm moun Nou gen pouvwa pa nou sou latè a E se sa menm ki lavi a. Pa pouvwa Atibon Legba Tout fòs kosmik yo antre nan nou, klere je nou Pou nou bay Zantray ak Vodou a Fòs, pouvwa, linyon Pou nou ka fè travay ginen an Nan lapè ak kè kontan. Ayibobo.

42

43



Priyè Dantò Priyè pou mande Dantò asistans, ak lè ou angaje. Limen balèn ble oubyen lanp lwil maskreti jou madi oubyen samdi. Sèvi diven wouj, diri jòn ak pwa nwa, won kou kochon, poulèt poul nwa, banann peze. Gato ble. Nan Lafwa, lesperans ak la charite Pa pouvwa Mèt syèl la, Mèt tè a, Mèt dlo a, Mèt dife a. Manman Ezili Dantò, mwen, pitit ou, ap rele ou Jodi a Sou bitasyon manman kite fè manman mwen Sou bitasyon papa kite fè manman mwen. Manman Ezili Dantò pitit ou ap rele ou Ou menm ki soti sou bitasyon manman ki fè papa mwen E papa ki te fè papa mwen Panche zòrèy ou Mètrès Dantò Tande plent mwen manman, Jodi a mwen pote tout pwoblèm yo devan ou Se ou sèl mwen genyen kòm defansè depi tout tan E pou tout tan k ap gen tan. Pa kite mwen wont devan lenmi yo manman Dantò, Pa kite pèsonn griyen dan sou mwen, Mande mwen sa mwen te kwè ? Mwen priye ou konsa paske mwen kwè nan lanmou Ou genyen pou chak pitit ou Ki mache sou prensip ak règleman Bilolo bilolo bilolo

44

45



Priyè Freda Priyè pou mande Freda asistans Limen balèn wòz oubyen lanp lwil de wòz jou jedi Sèvi diven blan, diri blan, pwason wòz. Gato wòz

Manman Freda se nan ou mwen mete tout konfyans mwen, Pa kite m wont. Ou se yon rèn ki pa nan patipri, Sove mwen non, delivre mwen, Panche zòrèy ou bò kote mwen, Pote mwen sekou. Mètrès Freda se ou menm ki tout espwa mwen. Mwen mete tout konfyans mwen nan ou. Prese vini pote mwen sekou. Tout moun ki vini jwenn ou se pou yo kontan, Se pou yo fè fèt. Tout moun ki renmen jan ou delivre yo a Se tout tan pou yo di « Mètres Freda gen gwo pouvwa ». Pou mwen menm ki se yon malere san sekou Prese vini delivre mwen, Se ou menm ki sekou mwen, Se ou ki tout delivrans mwen. Prese Mètrès Freda Dahome, Negrès Mamou Ladeh, Fredasi, Fredala, Fla Vodou-Freda, Negrès Sousa flè Vodou, Freda fredasi fredala

46

47

Priyè Kouzen Priyè pou mete w sou pwoteksyon kouzen, pou ede biznis. Limen balèn vèt oubyen lanp lwil doliv jou vandredi Sèvi wonm bitasyon blan, tchaka. Pen mayi.

Kouzen Azaka Mede men frè w ki vin kote ou Mwen bezwen pou ede mwen viv tankou moun sou latè. Pandan ti bout tan mwen ap viv la Mete mwen sou pwoteksyon ou Paske mwen konnen yon pye bwa pa ka pouse ni donnen san rasin minis la. Mwen mande w pou mache ak mwen Nan tout sa m ap regle nan lavi mwen Jaden, jadinay, komès. Pwoteksyon mwen mande. Pwoteje pawòl sa yo mwen adrese w la kont tout move santiman Ogéy, fè wè, jalouzi, rayisans, elatriye. Mouche Zaka Mede, Nèg awonbla Vodou, Kouzen kouzen, odan zaka yombo, Nèg zakasi, zakala, zaka tonné, Zaka mazoko, zoko mazaka, zaka krib. Alaso alaso alaso

48

49

Priyè Simbi Priyè ougan manbo sèvitè ak moun ki gen don. Limen balèn wouj oubyen jòn, lanp lwil akasya, jou samdi Sèvi wonm bitasyon blan

Papa Simbi Fè nou sèvi zouti pou mete kè poze kote gen la toumant, Fè nou sèvi medikaman pou bay gerizon kote ki gen maladi. Fè nou mete tèt ansanm kote youn pa vle wè lòt Fè nou mete padon kote youn ap derespekte lòt, Fè nou mete renmen, kote youn rayi lòt Fè nou mete laverite, kote ki gen dout Fè nou mete konfyans, kote youn vle twonpe lòt Fè nou mete lespwa, kote ki gen dekourajman Fè nou mete limyè, kote ki gen fè nwa Fè nou mete kè kontan, kote ki gen lapèn Papa Simbi Fè nou pito konsole pwochen nou Olye se konsolasyon n ap chèche pou tèt nou. Paske lè nou bay nan non ginen yo n ap resevwa. Se lè nou bliye tèt nou, Ou ba nou sa nou merite. Se lè nou padone pwochen nou N ap jwenn padon pou tèt nou nan men ou. Nan non w Papa Simbi Andezo, Simbi Yanpaka, Simbi Ankita, Simbi Anpola, Simbi Maza, Simbi Makaya, Simbi fèy, Simbi gangan, Simbi 3 zile, Simbi travo, Nèg kouloumbwa mennen malo, Nèg tate kite, nèg biki makaya, Nèg eskalye boumba, nèg zazi pongwe, Li Gonde Malolo, Nèg laye, nèg Simbi Laye, nèg Kasamanbilay. Matipouyi-yi, Madiomansah Bilolo bilolo bilolo.

50

51

Priyè Ogou Pou lè ou nan batay Limen balèn wouj oubyen lanp lwil akasya jou mèkredi Sèvi wonm bitasyon jòn, diri jòn ak pwa wouj, kòk wouj, kabrit. Mèt batala. Batala megi Gason vanyan, nèg ki sezi kle loraj Ogou feray, nèg fè, nèg o konba Nèg janbe malè Mwen angaje, mwen pwal fè yon wout An ale avè mwen Pa pouvwa ougou fè, ogou achade bòkò Ogou balizaj, ougou djanmsanm, ogou balendjo Fòk tout lenmi ki bare wout mwen kouri kite mwen pase Nan non ogou chango, Tout sa ki poko soti, rete Tout sa ki sou wout, tounen Tout sa ki deyò pou atake mwen ap peri Ak pèmisyon papa legba, mèt kafou, Gason lagè sou chimen an Awochenago

52

53

Priyè Bawon Priyè pou lè ou bezwen asistans zansèt ou Limen bouji nwa oubyen lanp tèt gridap Jou samdi oubyen lendi. Sèvi wonm bitasyon blan, kwi aran sèl ak patat boukannen, piman.

Bawon Samdi, Bawon simityè, Bawon lakwa Nèg gedeviwelo, nèg twa wou, twa pens, twa pikwa Nèg ki gen pouvwa sou tout nanm ki travese Ou kanpe djanm devan simityè Se ou k ap veye pòt kote nanm pase Pòt ki separe limyè ak fè nwa Tanpri mwen gen bezwen ……….ki travese jou ki te.... Ba li pèmisyon pou li tande mwen Mwen mande pasaj pou li travese ede mwen Ou trè pwisan Bawon Komande nanm yo ki deja travese Pou vini pote mwen sekou Mwen mande w nan non gede wensou kensou mazaka lakwa Kwasenmbo

54

55

Priyè Legba Priyè pou mande pasaj ak direksyon. Limen balèn blan oubyen lanp lwil sent. Nenpòt ki jou. Sèvi siwo kann. Kwi aran sèl san piman.

Pa pouvwa legba gran chimen, legba avadra, legba atibon Mèt kafou, mèt granbwa, Vye vye legba, legba katawoulo, legba kay, legba gwèto Ouvè wout ban m pase pou m al regle zafè mwen Nan non legba kolboso, legba zankliyan, legba fèy Kite pawòl mwen pase rive jwenn ………. Antre pawòl la nan lespri li, Fè li konprann mwen. Pa pouvwa 21 pwen kafou, 21 pwen simityè Mwen komande ……………………… Ak 21 balèn ki se 21 nanchon Vodou a Ki depoze sou vèvè sa Gras pou ou papa legba Demand mwen akòde. Ayibobo

56

57

Priyè Loko Priyè pou Rasanble fòs kosmik Limen balèn blan lwil sent. Nenpòt jou Sèvi wonm bitasyon jòn

Loko badesi koya la onfò, Wa loko alade Ki bay 21 grenn kolye pou chèche lavi miyò Ki komande tout sa ki gen pouvwa Nan non vye legba, Rasanble tout sèvitè tout kote Fè yo konnen misyon mwen Mande pwoteksyon pou mwen pitit ou. Ou gen fòs ak pouvwa pou rive tout kote sou tout fòm Mete mwen sou zèl ou Nan non zansèt yo Pou mwen ka fè travay ginen an Ayibobo

58

59

Priyè Danmbala Priyè pou wè klè devan ou Limen balèn blan oubyen lanp lwil sent jou Dimanch Sèvi siwo dòja. Pijon blan. Gato Blan. (Ze peyi sou farin frans) O Danmbala wèdo tokan miwaze Nèg salavantior sila bon ke pasa wilibo wilimen Nèg gwo bèt sèt tèt Aprè dye aprè dye aprè dye Nèg ki wè tout bagay ki konn tout bagay ki fè tout bagay Nèg ki te la avan tout bagay Voye limyè pou mwen Klere devan mwen Retire wòch ak pikan sou wout mwen Bouche tou ki ka fè m tonbe Papa danmbala, nèg dokosi dokosa Gid tout sa ki gen lavi Nèg ki akonpaye zansèt yo anba kal batiman Lavi mwen nan men ou Ago agosi agola

60

61

Priyè Marasa Priyè pou twouble lenmi Limen balèn blan lanp lwil doliv, lendi. Sèvi kola blan. Mayi ak pistach griye. Sirèt (manje dyò) Pa pouvwa marasa dosou, dosa, dose, zenzou, zenze Marasa dogwe, marasa jimo, marasa bwa, marasa kay Choukèt marasa, marasa gwèto Melanje tout sa k ap fè konplo kont mwen Fè tout sa yo fè dèyè mwen tounen kont yo Nan non Ati bon Legba mèt kafou Bare tout wout ki mennen mechan yo devan pòt mwen Demare tout move pwen non mwen ladan li Fè yo pa wè mwen lè y ap chèche mwen An nou fè konplo pa nou pou lavi ka vanse Nan limyè ak kè kontan pou tout moun. Ayibobo

62

63

Règleman Nan lavi moun gen moman ki enpòtan anpil, tankou lè w fèt, lè ou pran konsyans, lè ou ap marye epi lè ou ap mouri. Nan Vodou nou gen fason pou nou akonpaye ou nan tout moman sa yo. Konsa tou, gen moman nan lanati, nou pwofite pou rale fòs sou nou. Nou gen de moman tou pou nou voye fòs pou zansèt yo ak paran nou ki te trase chimen pou nou. Nan Vodou, sa nou fè nan moman sa yo rele règleman. Lè ou fèt. Lè yon moun fèt ki se lè nanm li antre nan mond vizib la, li komanse yon misyon. Pou li ka rive reyisi misyon sa, lanati mete 3 Lwa a dispozisyon li k ap avè li jouk li kite kò li. Nou menm paran, si nou vle ede moun sa, nou dwe fè li konnen byen vit ki posibilite ki gen pou li. Nou dwe tou prezante li bay eskòt Lwa k ap mache ak fanmi an bò manman kou bò papa. Nan Vodou, nou rele moman sa « andoye ».

64

Moun ki gen mwayen ka fè bèl fèt, dans, envite zanmi ak lòt Lwa pou fè konesans ak ti moun lan. Oubyen ou ka fè yon ti seremoni tou senp lakay ou. Li enpòtan senpleman pou swiv etap sila y : 1. Chèche konnen ki gwo Lwa ki te nan biwo jou ti moun nan te fèt. Chèche tout sa Lwa sa renmen, tankou : a. koulè, manje, pye bwa, pafen, lwil. 2. Prepare yon chanm kay oubyen yon kote ki fre nan lakou a. a. Pwòpte kote a, ak dlo epi fèy ki repouse move espri. b. Fè kote a bèl, mete flè mete plant. c. Fè trase vèvè Lwa a. d. Limen ansan Lwa a. e. limen yon lanp ak lwil Lwa a epi sèvi manje li pou li. f. Resite priyè envokasyon Lwa a epi chante chante li yo. Nenpòt ki gid dwe ba ou priyè envokasyon Lwa a. 3. Pandan nou ap chante a. Bay ti moun nan premye ben-y chans li, epi mete pafen sou li, pase lwil doliv nan fontèn tèt li. Sere dlo a. b. Abiye ti moun lan ak koulè Lwa li. c. Prezante ti moun nan 4 fasad epi resite priye ou ekri pou li a. Se la tou parenn ak marenn ap pran angajman pou kore ti moun sa. d. Plante yon pye bwa sou non ti moun lan epi wouze pye bwa ak dlo ou te benyen ti moun nan. Enpòtan, mete manje ou te separe pou Lwa a ak kòd lonbrit ti moun lan nan tou wap plante pye bwa a. 4. Separe manje bay lafanmi ak envite yo. Ou mèt sèvi nenpòt manje depi se manje ki soti nan tè dayiti. Tout fòs yon pèp se nan tè li li soti. 65

Lè ou gen konesans Pandan ou ap grandi, rive yon lè se ou ki pou pran kontwòl ak responsabilite sa ou fè. Lè ou santi ou rive nan moman sa, ou ap fè menm bagay yo te fè pou ou jou yo te fè ou fè konesans ak Lwa yo. Sòf, lè sa, se ou ki pou fè tout afè w pou kont ou. Lè ou ap marye Lè yon fi ak yon gason deside marye, yo pran plizyè angajman :  Yo ini kò yo.  Fanmi yo ak zanmi tounen yon sèl kolòn.  Sa ki pi enpòtan, eskòt Lwa gason an ak eskòt Lwa fi a melanje. Yo vin fòme yon lòt eskòt tou nèf ki pwal responsab fanmi tou nèf la. Eskòt sa pa ka kraze, se pou sa li enpòtan anpil pou reflechi anpil avan ou pran desizyon sa.

Li pi bon li lè ou marye nan yon peristil oubyen nan yon lakou, men ou ka fè maryaj la lakay youn nan moun ki ap marye yo. Wap gen bezwen prezans yon gid espirityèl, (ougan, manbo, sèvitè lakou), paske travay la gen anpil règleman.  Avan seremoni a. a) Fòk li anonse maryaj la e rezoud tout konfli ki te ka genyen.

66

b) Fòk li prepare ak 2 moun yo lis Lwa k ap envite epi prepare manje pou yo.  Jou seremoni a. a) Fòk li rele e resevwa tou de eskòt Lwa yo, pa gason an ak pa fi a b) Fòk eskòt yo pran angajman pou yo ede nouvo fanmi a. Chèf eskòt la ap vin nan tèt yon moun pou li fè sa. c) Fòk li resevwa Lwa envite yo. d) Fòk li veyatif tou pou Lwa dasomann pa vin gate fèt maryaj la.  Apre seremoni a. a) Yo ap remèt marye yo 2 pye bwa pou yo okipe ansanm. • Flanblwayan oubyen akasya yo ap plante pou Dantò (lanmou ak pwoteksyon) • Siwèl oubyen bazilik pou Freda (pasyon ak pwosperite)

67

Lè ou mouri Gen 2 bagay ki kòz la mò : • Lè lavi chwazi kite kò a • Lè kò a pa ka sipòte lavi ankò. De bagay sa yo sanble men yo pa menm e nou pa ka jere yo menm jan. Moun ki pa inisye pap ka fè diferans lan. Kidonk fòk se yon inisye ki pou chante antèman. Nou menm nan Vodou nou rele sèvis mò « Bohoun ». I. II.

Lè lavi chwazi kite kò a : • Sa rive lè lavi fin fè wout li oubyen lè l ap pèdi kontwòl sa k ap fèt ak kò sa a. Lè sa, nou sèlman asire nou kò sa pap ka sèvi pou lòt bagay. Lè se kò a ki pa ka sipòte lavi ankò : • Lè sa nou gen travay pou n fè pou nou ede lavi soti nan kò a. Pa bliye kò a se te kay li, nanm lan ap fè tout posib li pou li rete.

Nan tou de ka sa yo, nou dwe ede nanm nan rekonèt li pou li ka retounen nan mond envizib la. Lè li soti nan kò a li on ti jan dezoryante li ka pèdi wout li. Avan li tounen nan mond envizib la, li gen pou l pase yon tan reyadaptasyon e pirifikasyon. Nanm lan fè tan sa nan dlo e nou dwe ede li soti aprè 1an plis yon jou.

68

Chimen zansèt Chimen ki pi di zansèt yo te travèse se chimen yo te pran pou yo soti lafrik pou rive ayiti. Yo te pase anpil mizè anba kal batiman nan yon vwayaj ki te dire 28 jou pou pi piti. Nou konnen nanm ki pa janm mouri an toujou sonje mizè li te pase. Nou konnen tou, nou ka ede yo sipòte soufrans la si nou lapriyè pou yo e si nou pataje soufrans lan avèk yo, menm lè sa pase lontan. Nan lide sa, n ap ankouraje tout ayisyen pou yo pran 28 jou nan ane a pou yo kore lespri zansèt yo : • Pandan 28 jou, sa ki kapab ap fè jèn. • Pandan 28 jou n ap limen yon balèn espesyalman pou yo. • Pandan 28 jou chak ayisyen dwe resite yon priyè pou yo chak jou. • Padan 28 jou sa ki kapap ap chwazi viv yon soufrans nan non zansèt yo. • Pandan 28 jou tout peristil dwe limen yon lanp delivrans pou yo.

69

Men règleman 28 jou a pou Vodouyizan • Mete yon boutèy bitasyon blan chita sou yon glas. • Limen lanp lwil doliv ak yon ti siwo myèl, oubyen yon balèn blan chak swa avan ou dòmi. • Resite pawòl sa yo ki se priye zansèt : o Nèg, nègès ki anba kal batiman Pran kouraj kenbe la Ou poko konnen sa, men ou gen pou fè listwa Ou gen pou kase tout chèn ou wè ki nan pye ou Ak chèn ki nan pye lòt Mwen limen lanp sa pou ou. L ap ba ou direksyon Mwen mete siwo myél ladan li Pou ka geri maleng ou Epi soulaje soufrans ou Kenbe la Grann, Kenbe la Gran papa Ou gen pou gran devan lèzòm. W ap rive yon kote ki rele sendomeng Wa chèche wè ak nèg ki rele Makandal, Boukman Tousen, Desalin, Kapwa, Kristof ak lòt ankò Wa fè kolòn avèk yo E wa wè pouki ou te pase mizè sa. Nou di ou mèsi pou peyi ou ban nou an. Komanse 17 Jiyè pou bout 14 Dawou nan seremoni bwa kay iman. Boule bwa. Sa se yon fèt nou menm nan Vodou nou separe avèk anpil lòt mistik. Chak ane, jou ki 24 jen nou fè sa nou rele seremoni boule bwa. Menm lè anpil moun fè l jou ki 24 la, bon lè mistik la se jou

70

ki 21 avan 1 è nan maten. Tout Vodouyizan pwofite pou yo remèt tout pwoblem yo nan dife solèy la. Jan Vixama ki te sakrifye tèt li pou pèp ayisyen, ap ede pote pwoblem yo ale. Se yon règleman ki trè senp. Ou ap gen bezwen • Bwa sèd ak bwa zakasya • Ansan gri • Lwil zakasya • Yon recho twa pye tou nèf si w ap fè l lakay ou Jou ki 20 Jen kou li pwal minwi pou antre nan 21 Jen, ou ap limen bwa yo nan recho an. Lè dife a pran w ap ajoute ansan epi w ap mete anvlòp kote ou te ekri tout pwoblem ou vle elimine nan vi ou.

Gen anpil lòt règleman ankò nan Vodou. Gen règleman pou tout sitiyasyon. Lè ou bezwen, si Lwa yo pa vini di w sa pou fè, ou ka konsilte yon ougan oubyen manbo ka gide ou. Chak nanchon gen prensip pa yo menm lè se menm rezilta yo ap chèche. Liminasyon

Liminasyon se jan nou antre annamoni avèk Lwa yo. Li pi bon lè nou fè liminasyon an gwoup konsa nou youn ede lòt e nou parèt ini devan Lwa yo. Yo renmen sa. Liminasyon dwe fèt sou règleman Lwa wap onore jou a, men tout liminasyon dwe respekte baz sila yo. Pou fè liminasyon wap gen bezwen : • Yon kivèt ben-y giyon pou pirifikasyon. • Yon kivèt ben-y chans pou benediksyon. • Balèn sakre. • Recho dife pou boule ansan ak lèt demand yo. • Tab epi bwat pou resevwa ofrand ak kado. • Yon lanp ki limen sou règleman nap fè pou jou a. 71

Rityèl liminasyon. 1. Pirifikasyon. a. Kote nou pral fè seremoni a dwe lave, netwaye epi ansanse, moun k ap fè travay sa dwe benyen avan, epi yo pa dwe manje vyann ni fè sèks o mwen yon jou avan liminasyon an. b. Lè moun yo komanse vini, yap lave men yo nan kivèt ben-y giyon an. Lè sa, yo ka depoze yon ofrann nan bwat ki la pou sa. c. Si yo poko gen balèn sakre , y ap tou pwofite pran youn 2. Salitasyon. a. Moun k ap mennen seremoni a, ap wonble Lwa yo epi l ap eksplike sou ki règleman liminasyon sa pral fèt. b. Asistans lan ap chante chante ki fèt pou sa, epi tanbourinè ap akonpaye. c. Nan moman sa, Lwa ki presan ap manifeste. 3. Liminasyon. a. Apre nou fin salye Lwa yo epi chante pou yo, tout moun ap pran balèn sakre yo epi yap limen yo nan gwo lanp règleman an. b. Nap depoze lèt demand yo nan recho dife a. 4. Adorasyon. a. Tout moun ap tounen nan sal la avèk balèn lan tou limen b. Mèt seremoni an ap fè nou salye 4 fasad. c. Se lè sa nap fè demand nou. d. Epi nap chante chante ki fèt pou adorasyon. 72

e. Lè nou fini fè demand, nap etèn balèn yo epi nap sere yo pou nou limen chak swa pandan sèt jou. f. Depi Lwa kontan, li ap vini pale ak nou apre adorasyon. 5. Mèsi a. Moman sa enpòtan anpil, paske se lè pou nou di Lwa yo mèsi pou sa yo fè deja. b. Nan moman sa, nenpòt ki moun ka voye chante pou Lwa yo c. Tout moun ki jwenn kichoy nan men Lwa yo, dwe patisipe 6. Ofrand. a. Avan nou ale, youn ap salye lòt nan non Lwa yo epi nap depoze kado ak ofrand sou tab ki la pou sa.

73

Dat ki enpòtan anpil. 21 Desanm - 6 Janvye o Se Makaya, se lè sa ougan kase fèy nan bwa pou fè medikaman pou rès lane a. Se lè sa pou bay Gad manje. Pandan tout lè sa se Simbi ki kòmande avèk Gran Bwa Ile. Nan lè sa, nou pwofite pou nou refè tèt nou ak netwaye kote nap viv. Nou pran remèd pou kò nou e nou lave kay nou ak bon fèy. Se bon lè pou pran ben-y chans sitou nan dat 21 Desanb.

21 - 22 - 23 Desanm o Lè sa, ou ka remèt Ati solèy tout pwojè ou genyen pou ane a pou li monte ak yo. Moman sa a mache ak yon evènman nan lanati yo rele « Soltis ivè» ki se lè limyè komanse reprann fòs sou fè nwa. 6 Janvye o Jou sa nou resevwa 3 Wa, nou rekonèt kòm 3 gwo ougan saj.

21 - 22 - 23 Mas o Nou danse rara pou fete lavi ki ap boujonnen, lanati ki remanbre. Nou onore Lwa nou rele Ayizan velekete. Lè sa nou chire ayizan ki se flèch palmis la. Endyen ki te sou tè a te fete fèt sa tou. Fèt sa mache ak evènman natirèl yo rele « Ekinos » ki se lè limyè ak fènwa gen menm fòs. Aprè premye Ekinos lane a, limyè vin gen plis fòs pase fè nwa.

1er Me o Nou fete kouzen zaka. Se li ki komande mwa sa, ki asire sa nou mete nan tè a ap bay bon rezilta.

18 Me o Se jou Mèkredi 18 me 1803 drapo ayisyen an te soti nan djèvò ki se kote nou mete moun ak lòt bagay nou vle bay fòs espesyal. Drapo a te pase 30 jou sou règleman pou nou te mete 74

nanm sou li pou yo te ka rekonèt li nan mond envizib la e pou li te kouvri nou nan batay. Travay sa te fèt sou bitasyon Gran Giton, yon manbo nan Akahè. Nou dwe refè seremoni sa chak ane pou drapo a toujou gen fòs. Se sèl drapo ki pase nan djèvò ki dwe flote sou palè nasyonal, palè jistis ak sou paleman.

21 - 22 - 23 Jen o Se lè nou remèt Ati Solèy tout pwoblèm ak dezagreman pou li desann ak yo. Fèt sa tou, mache ak yon evènman natirèl yo rele « Soltis ete » ki se lè limyè gen plis fòs nan ane a, menm jan tou se le sa li komanse pèdi fòs devan fè nwa. Jou sa, Jan Vixama disponib pou li ede nou.

16 Jiyè o Se fèt rèn peyi Ayiti, Lwa ki te pran responsabilite pou li te goumen pou nou te ka jwenn libètè, se jou Mètrès Ezili Dantò. Jou sa tout ayisyen konsekan dwe al wè li lakay li Sodo, epi fè fèt pou li.

17 jiyè - 14 Dawou. o Nou fè sa nou rele Chimen Zansèt. Se yon trant jou nou chwazi pou nou ede zansèt esklav yo sipòte soufrans anba kal bato negriye. Pa gen anpil moun ki konnen pou yo fè sa. Ou gen dwa fè li nenpòt kilè nan ane a, li pi bon lè ou chwazi fè li, pou li bout jou seremoni bwa kay iman. Pandan trant jou, ou dwe dòmi atè, pa fè sèks, fè jèn, pa manje manje kwit ni sèl, menm jan yo te fòse zansèt yo fè. Oubyen ou ka chwazi fè nenpòt lòt sakrifis ou ka sipòte pou zansèt yo, li sitou enpòtan pou lapriyè epi limen lanp. E se sa ki chimen zansèt la. Lè ou pase pa la, ou konprann ayisyen, ak ayiti. 25 Jiyè o Se fèt Ogou Feray, li menm tou te goumen bò kote Mètrès Dantò nan lagè endepandans. Li te pran tèt lame Lwa ki te kale Lwa blan fransè yo. Se sak ki te pèmèt nou genyen tou sou latè. Nou rekonèt li nan Desalin premye chèf nanchon ayisyen. 75

14 - 15 Dawou o Sa se pi gwo fèt nou ayisyen. Se jou sa tout 21 tribi afriken yo e tout sa ki pat dakò ak lesklavaj te fè yon sèl pou yo te kreye pèp ayisyen, anba tankou anwo. Jou sa nanchon ayisyen te pran nesans. Se ougan Boukman ki te negosye epi siyen kontra sa, ki mande pou nou te al libere tout sa ki te nan esklavaj anba tankou anwo. Kontra sa te siyen ak san Jan Vixama ki te bay tèt li kòm sakrifis nan seremoni ki te fèt nan Bwa Kay Iman. Se Mètrès Dantò, chèf ki komande latè, ki te reprezante eskòt Lwa yo avèk patnè li Ougou feray. Se sa ki fè drapo nou an wouj e ble. Ble pou Dantò, wouj pou Ogou.

1er Oktob - 1er Novanm o Se mwa nou kite pou espri zansèt yo. Se lè sa nou onore yo nou pale ak yo e se nan lè sa tou yo ka ede nou nan tout sa nou ap fè e nou menm ka ede yo sou wout yo. 1er Novanm nou fè gwo fèt pou nou di yo mèsi e ba yo fòs pou yo kontinye wout yo. Peryòd sa komanse lè fènwa pran fòs sou limyè aprè 2eme « Ekinos » ki gen nan ane a, 21, 22 ak 23 Septanm.

76

77

BEN-Y AK LANP

Pratik ki enpòtan anpil pou nou menm Vodouyizan se pran ben-y, lave kay avèk limen lanp. Se mwayen nou jwenn ki pi fasil pou nou antre annamoni avèk lanati epi antre an kominyon avèk Lwa yo. Gen yon kantite ben-y avèk yon pakèt resèt pou lave kay ou. Konsa tou, w ap jwenn plizyè lanp ou ka limen. Se selon sa ou vle fè, e ak ki eskòt Lwa ki mache ave ou. Ben-y chans Ou ka pran ben-y chans nenpòt lè, depi ou santi ou bezwen li. Ben-y chans toujou akonpaye moman enpòtan nan lavi. Lè ou fèt, lè wap marye, lè ou mouri. A pa de lè sa yo, pi bon lè pou pran ben-y chans, se le 21, 22, 23 ak 24 Desanm. Solèy la ap pare pou li remonte e ou tou remonte avèk li. Ou pran ben-y chans a minwi. Men ki sa ou ka mete nan yon ben-y chans. • Flè Woz blan, woz wouj, jasmen, • Fwui Pòm, frèz, anana, melon, kataloup, rezen. • Lwil Woz • Engredian espesyal Lèt bèf, siwo myèl • Pafen Byennèt, pompeia, vetivè, florida, kolibri. Pran ben-y la nan yon kivèt blan tou nef, limen yon balèn blan pandan tout tan w ap benyen an. Si w vle ou ka vide yon boutèy chanpay sou ou apre.

78

Ben-y giyon Ben-y giyon se yon ben-y ou pran lè ou bezwen retire devèn ak malchans. Bon lè pou pran li se 21, 22, 23, ak 24 Jen. Menm jan ak ben-y chans, ou ka pran li lè lide ou di w. Li fè sans pou pran ben-y chans lè ou fini pran ben-y giyon, menm jan ou dwe pran ben-y giyon avan ou pran ben-y chans. Ou dwe pran ben-y giyon a midi. Men kisa ou ka mete nan yon ben-y giyon. •

Fèy



Dlo



Zo devan, amwaz, 3zom fò, lanni, pèsi, sitwon sèl. Dlo lanmè,

Engredyan espesyal 21 sitwon, 1 ba savon lave, 1 digo, 1 gwo kwi. Si ou jwenn yon ti kal sann dife bwa sen jan, mete li nan ben-y lan.

Toujou kite balèn ou limen lè w ap pran ben-y. Tout sa ou mete nan ben-y, se li ou mete nan dlo pou lave kay. Ou fè yo menm lè tou.

79

Lanp Lanp se mwayen ki pi dirèk pou kominike ak mond envizib la. Ou ka fè tout bagay avèk lanp, fè demann pou Lwa, pale ak zansèt fanmi ou epi lòt mò… Yon bon lanp ka ede ou nan kèlkeswa sitiyasyon. Gen lanp pou tout ka. Lanp byen monte gen anpil pouvwa. Nou ap ba ou kèk egzanp lanp ke w ka itilize. Tout lanp fèt ak mèch koton peyi. Pi piti tan pou limen yon lanp se sèt jou. Selon règleman ou ka limen li pou pi lontan. Lanp chans: Lanp sa limen ak lwil doliv lwil de woz, lwil zanmann dous, lwil jasmen andedan yon anana. Lanp travay: Li limen ak lwil machin ki sèvi, roroli, poud mache prese, priz tè nan 7 mache diferan, 7 moso vyan cochon nan 7 mache diferan. Lwil maskreti nan yon ti chodyè twa pye. Lanp giyon oubyen devèn: Lanp sa limen nan po kokoye sèch ak lwil maskreti plis poud kanpe lwen ak voltije. Lanp cham: Lanp sa limen nan yon po kokoye ole avèk lwil doliv, lwil jasmen, lwil de wòz epi siwo myèl. Lanp delivrans: Lanp sa limen nan yon bòl blan ak lwil doliv, mete roroli avèk dlo kokoye ole. Lanp angaje: Lanp la limen nan yon kwi, avèk lwil maskreti ak poud respekte kapitèn epi ban m komande, piman pike. Lanp liberasyon: Lanp sa limen nan yon ti chodyè twa pye ak lwil maskreti epi grès kochon, roroli, precipite wouj, vu dajan. 80

Lanp cho: Lanp la limen nan yon kokoye sèch, lwil maskreti ak grès kochon, presipite blan, piman pike, respekte kapitèn, roroli. Lanp fwèt: Limen nan bòl emaye blan wap depoze nan yo kivèt dlo, lwil doliv ak lwil trankil. Lanp pou pale ak mò nou: Limen 3 oubyen 7 mèch koton nan yon asyèt emaye blan ak lwil doliv. Depoze yon tas kafe dous, yon tas kafe anmè bò kote lanp la. Kòm chak Lwa gen lanp espesyal pa li, ou ka toujou limen lanp Lwa epi ou adrese demann lan dirèkteman pou li. Nan tout lanp, ekri sa ou bezwen an nan yon fèy pachemen vyèj epi mete li nan fon lanp la.

81

PAWOL ANPIL

Pouki sa Vodou gen yon bann tout vye pawòl sa yo sou li. Pawòl sa yo vini nan lèzòm ki ap eseye eksplike travay Bondye jan pa yo. Epi nan moun ki pè sa yo pa konprann.  Kolòn blan yo ki pat dakò nèg nwa te ka gen konesans ak relijyon te di Vodou se fetich, idolatri, vye pratik moun sovaj, moun iyoran yo adopte. Lè nou kale blan sa yo nan lagè 1803, lawont fè yo deklare Vodou se bagay malefik, bagay dyab paske se sèl jan yo te ka eksplike yon pakèt esklav ki pat menm moun te mete yo do yo atè. Malerezman, gen pami nou k ap repete pawòl blan sa yo toujou san yo pa reflechi. Yo pa wè se tèt yo y ap denigre.  Gen anpil gwo moun ki soti nan gwo peyi ki ap bay anpil manti, yon fason pou yo fè nou menm ayisyen rayi tèt nou epi rejete pratik zansèt yo. Konsa nap vin pi fèb e nou pap ka goumen kont pratik esklavajis modèn yo. • Yo fè tout bagay pou Lwa yo ban nou do. • Tanzantan yo bay estatistik pou montre nou pa reprezante anyen nan popilasyon an. • Yo eseye dechouke Vodou 13 fwa deja, touye anpil moun ak pi fò nan pye bwa nou. • Yo ale nan sit mistik nou, kote Lwa yo rete epi yo eseye gate yo. Plante kwa ak bati legliz.  Gen plizyè malfektè ki pwofite iyorans moun pou dechèpiye yo. • Moun sa yo pa ni ougan ni manbo. Yo konn pa menm inisye. Nou rele yo : Dyèg, Malfektè, Mayetizè. 82



Gen ougan ak manbo ki pèdi wout yo, bliye sa yo te sèmante. Epi ki ap fè dezòd ak don yo resevwa pou lajan. Lwa toujou trase ekzanp sou yo, fè yo peye. Yo konn pase trè mal pou tout moun wè.  Gen plizyè gwo òganizasyon ki envante bagay mete sou do Vodou, yon fason pou yo fè lajan. « Lagè » kont « Satan le dyab » se yon gwo biznis ki fè anpil moun, isit kou lòt bò dlo, fè anpil anpil kòb.

83

Eske gen sakrifis ak manje moun nan Vodou. Nou pa fè sakrifis.  Lè nou ap fè fèt nou touye bèt ak plant pou nou bay tout moun manje. • Avan nou menm nou manje nou retire pa Lwa pou li paske li menm tou li manje. Sa li manje nan manje a ou pa wè li e li pa deranje lè li pran li. • Gen Lwa ki pa manje tout bagay, lè sa ou dwe prepare manje a pa pou li jan li renmen li an. Nou pa manje moun non plis.  Menm lè te gen kèk tribi afriken ki te konn manje moun, bagay sa sispann lè yo rive Sendomeng. Sitou aprè seremoni Bwa kay Iman kote nou te mete baz Vodou nou gen la jodi a, ki mete lavi devan. Pouki yo di Vodou touye anpil moun.

Kòm Vodou se yon bagay anpil moun pa konprann e anpil moun pè aprann, yo lage anpil koze sou do li.  lapolis sispann fè ankèt depi li sispèk gen Vodou. Kifè depi yo bezwen la jistis bay vag, yo di se Vodou. • Lè yo touye moun. • Lè yo vole afè moun. • Jou lapolis mete yon brigad « inisye Vodou» andan li, bagay sa ap sispann.  Konsa tou, moun ki pa vle travay, ak moun ki fè erè nan lavi yo, chèche eskiz nan Vodou pou eksplike echèk yo. (Lwa toujou ap peze yo)  Genyen tou ki pran pòz se Lwa ki fè yo fè bagay dwòl, pran pòz yo ap sèvi Lwa pou yo fè mès yo. Men tou lè ou se yon moun ki ap bay pwoblèm anpeche lavi mache, yo ka pote plent pou ou. Lè sa lavi ka chwazi kite w. 84

Vodou nan listwa ak politik. Kwayans yon pèp tankou kwayans yon moun toujou akonpaye li nan tout moman nan egzistans li. Lè ou gade byen, relasyon yon pèp avèk eskòt Lwa li, nan sous de tout sa ki rive pèp sa. Konprann tou, sèl jan ou domestike yon pèp, se lè ou fè li rejete eskòt Lwa pa li. Lè sa li tounen yon pèp restavèk. Lè nou gade nan listwa, nou wè gen pèp ki rive pèdi tè yo tankou pèp jwif, men kòm yo pa janm pèdi kwayans yo nan eskòt Lwa pa yo, yo rejwenn tè yo e yo rejwenn fòs yo. An nou gade ansanm kisa ki rive nou depi lafrik.  Lesklavaj te posib paske nou tap goumen youn ak lòt depi an Afrik. Se frè ginen, ki te vann blan frè ginen parèy yo. Lè a, Lwa yo te fè silans paske yo pap chwazi kan nan mitan frè ak sè.  Lè nou te resi antann nou nan bwa kay iman, Lwa yo te tounen vini jwenn nou. Jou ki te 14 Dawou nou te di tou nou pa tap tounen nan ginen ankò, nou te pran desizyon fòme yon pèp tou nèf. Apre diskisyon, nou te siyen kontra sou kijan nou ta pral viv. Nou te gen pami nou : • esklav ak pitit esklav • blan ki pat dakò ak vye kondisyon ki te gen nan koloni a • endyen ki te rete vivan

85



Nou te sèmante :  nou ta pral goumen pou nou pran tè sa pou pèp tou nèf la te jwenn yon kote ki rele li chè mèt chè mètrès.  tout moun ki patisipe nan lit la ap kapab viv sou tè a jan li vle ak kwayans li depi li pa nwi lòt yo.  Tout moun ap gen menm dwa ak menm chans sou tè a, pat gen afè se tè ni byen papa m kite pou mwen.  Tè sa se ap tè libète, depi yon moun rive sou li, moun sa te granmoun tèt li.  Pèp sa te gen pou obligasyon ede tout moun ki te vle jwenn libète.  Chak moun te gen pou obligasyon defann tè sa jouk li mouri. Aprè antant, nou te pale ak mond envisib la e nou te mande èd. Mètrès Dantò ki toujou la pou li ede moun k ap batay pou jistis ak libète, te renmen pwoje nou an, li te reponn pou li ede nou. Men ki kondisyon li te poze :  Respekte angajman nou te pran nan mitan nou. Li la pou li ede pèp ayisyen, li pa la pou li ede de twa grenn ayisyen.  Li te mande pou pèp sa mete Lwa yo devan nan tout sa k ap fèt.  Li mande rekonesans ak mèsi pou li menm ak tout lòt Lwa ki dakò goumen : • Lwa ginen ki te soti avèk nou an afrik. • Lwa endyen nou vinn jwenn sou tè a. Lè sa, menm jan Jezi te dakò pase pou pèp jwif la, jan Viksama te pase pou pèp ayisyen an. Kondisyon te poze, kontra te siyen.

86

Mètrès Dantò ak Lwa yo respekte pati pa yo. Kisa nou menm nou fè ?  Gen pami nou ki, depi lagè fini, deklare se pitit blan yo ye oswa yo te deja libere, kidonk gen tè ak byen ki dwe pou yo paske se eritaj papa yo oubyen se ansyen mèt yo ki te ba yo li.  Gen nan nou ki te gentan bezwen plis fòs, yo ale chèche lòt espri ki fè kwè yo gen plis pouvwa pase espri ki te fè lagè avèk nou. Drapo nou chanje koulè plizyè fwa nan bagay sa a.  Nan goumen pou tè, nou bliye afè endyen an nèt. Nou pa kite yon ti kras tè pou yo.  Nou pa bay Lwa yo rekonesans, ni nou pa di yo mèsi : • Nou pa jamè rekonèt Lwa endyen yo ki te resevwa nou sou tè sa. • Nou pa janm aprann pitit nou ki wòl Lwa te genyen nan listwa pèp ayisyen • Nou refize fè fèt pou yo, e lè gen nan nou ki vle fete yo, rès moun yo fè gwo kolè. • Nou pase kontra nou te fè avèk yo anba pye nou epi nou al siyen lòt kontra avèk Lwa blan te sèvi pou toupizi nou. Nou remèt eskòt blan yo avni pitit nou, swa dizan yap fè edikasyon. • Dènye kou a, nou fè konplo ak Lwa blan pou nou mete Lwa ginen yo deyò. Nou sibi trèz atak dechoukay sou yo ak moun ki rete fidèl ak yo.

87

 Sèl pati nou respekte se pati kote nou ede lòt pèp jwenn libète. Petyon ak Desalin te ede lòt pèp Amerik di sid. Nou te bay Etazini koutmen, epi Ayiti te toujou premye peyi ki rekonèt endepandans peyi Afrik yo. Nou menm ede fòme gwo òganizasyon ki te vle mete tèt ansanm pami tout pèp sou latè. Jis kounye a, pèp nou te ede ap di nou mèsi, yo pa bliye. Nou pran anpil prekosyon nan liv sa pou nou pa di w gade sou zòt, men kòm nou pa ka pale istwa san ou pa gade sa ki fèt bò kote ou, an nou voye yon je ka gwo vwazen nou ki se lè Etazini e ki te nan menm sitiyasyon ak nou.  Menm jan ak nou, yo te gen lakay yo twa eskòt Lwa. : Endyen, Ginen ak blan ewopeyen. Menm jan ak nou yo te deside goumen pou yo te gen yon tè pou yo, epi fòme yon pèp tou nèf. Kòm se blan eropeyen ki te fè batay la, selon kontra yo, men kisa yo fè. • Yo te chwazi goumen ak Lwa blan kretyen paske se sa ki te avèk zansèt yo depi yo te soti an ewop e yo rete avèk yo apre batay.  Yo remèt espri yo peyi a epi kòm pèp, yo mete Lwa sa yo devan nan tout sa yap fè.  Menm lè yo te touye pi fò nan endyen yo, Jis kounye a yo kite ti moso tè pou yo. (resèvasyon)  Menm lè yo makiye sa y ap fè, chak ane yo bay Lwa endyen yo respè nan yon fèt tradisyonèl endyen ki rele « Thanksgiving ».  Chak ane tou, yo sonje zansèt ak mò yo nan fèt « halloween »

88

Nan tout lòt kote nou gade, nap jwenn chak fwa yon pèp viv annamoni ak eskòt Lwa li, li viv byen.  Chak pèp gen eskòt Lwa pa li, chak fwa yon moun mouri, nanm li ale ranfòse eskòt Lwa pèp li. Se eskòt Lwa yon pèp ak tout ekip mò li nou rele egregò, ki se kote fòs mistik ak memwa yon pèp chita. Nou dwe konprann pa gen pèp sou latè ki gen menm egregò. Nou dwe konprann tou, sa ki nan egregò yon pep se li lap bay avantaj. Lè yon pèp bezwen vanse, se nan egregò l li ale chèche fòs, se la li jwenn eksperyans zansèt yo epi limyè ki pou gide li. Si yon pèp pèdi kontak ak egregò li, l ap vire tankou yon machin san volan, l ap nan eré tout tan. Si tou yon pèp aksepte mache sou egregò yon lòt, lap yon pèp restavèk. Tout sa nou sòt di la, valab pou moun ak fanmi tou.

89

Lè ou fin li Nap fè ou konpliman paske ou li tout liv la. Sa montre ou apresye efò nou fè pou nou ekri li. Nou konnen ou pap konprann tout bagay tout swit, pa dekouraje. Reli liv la ankò, men fwa sa, limen yon balèn bò kote ou avan. Kounye a ou konprann, konnen ou se yon limyè ki gen pou klere pou lòt ki poko wè klè. Ayibobo.

90

Elien Isac Elyen Isac alias Sanba L fèt jou ki te 1er mai 1965 nan yon fanmi Vodou. Papa li ak gran papa li te ougan. Se yon militan trè aktif nan kominote Vodou a. Li monte òganizasyon CECILE, epi li se yon nan manm fondatè K.N.V.A. Anpil moun konnen li sou non Sanba El, animatè emisyon Kilti Kreyòl sou Planèt Kreyòl 106.5fm. Wap jwenn Sanba El nan (509) 37349204

Jean Maxeau Bourgon Maxo se twazyèm jenerasyon ougan nan fanmi li. Se yon anperè chanpwèl tou. Avèk plizyè lòt ougan ak manbo li te patisipe nan kreyasyon K.N.V.A. Li se chèf sosyete Zoko Mazaka ki chita nan Fontamara. Wap jwenn Maxo nan (509) [email protected]

37416329

oubyen

nan

Tamy Dufresne Isac Manbo Marijan fè yon sèl avèk Mètrès Dantò chak dimanch nan emisyon Fiyèt Dantò. Li bay tout li menm pou li fè travay Mètrès la epi ede li soulaje soufrans tout fanm dayiti. Li pran ason nan men mari li Sanba L. Wap jwenn Manbo Marijan nan (509) 36938715

Clernise Israël Yo atis melanje ak yon profesè lekòl, Manbo fifi ap sèvi ak tout sa li konnen pou li lave je Vodouyizan. Li fè lekòl tout lè tout kote li kapab, li ap dirije sosyete Palmis Sakre epi li se yon enperatris chanpwèl. Wap jwenn manbo fifi nan (509) 38638589

Jean Claude Augustin Ti Pastè jan nou rele li se yon ansyen pastè ki jwenn wout zansèt yo. Wap jwenn ti pastè nan (509) 47107457

91

Carl Henry Desmornes Kal Anri Demòn fèt jou ki te 19 Janvye 1960. Tankou anpil ti ayisyen nan klas mwayèn nan, li te leve an katolik. Li te batize, kominye, konfime, e marye nan legliz katolik. Li te fè tout klas li kay frè Sen lwi yo nan Pòtoprens aprè sa li te pati al aprann mekanik o Zetazini.

Jou ki te 28 Janvye 1998, malfektè zenglendo te tire madanm li kite manman 3 pitit gason li. Pandan li te nan doulè, li reyalize li pa ka kontinye viv san li pa okipe sa kap pase bò kotel. Se konsa li pran desizyon pou li patisipe nan zafè peyi li.

Li ouvri yon estasyon radyo, Planèt Kreyòl (106.5 Fm), epi li komanse entèrese sou kijan moun bò kote li ap viv. Bondye voye sou wout li Elyen Isac alias Sanba El, yon ougan ki montre li Vodou. Avèk Elyen yo antre nan edikasyon ak fòmasyon pèp ayisyen sou Vodou, yo met ansanm ak lòt ougan epi manbo tankou Tami Difrèn, Maxo Bougon, Kleniz Izrayèl, pou travay la vanse pi byen. Yo fè emisyon Kilti Kreyòl ak Chimen Zansèt sou radyo Planèt Kreyòl (106.5 Fm). Jodi a ekip sila pote pou ou : TI LIMYE SOU VODOU. Yon liv ki ka ede moun konpran relijyon ayisyen an.

Wap jwenn Carl Henry nan (509) 37020511ou byen nan [email protected]